Gen yon ti refleksyon nou ta renmen fè jodi a konsènan yon sijè ki kab sansib selon fomasyon yon moun. Men nou panse ki enpotan poun fè paske gen yon verite syantifik, sosyo istorik ki bezwen etabli nan peyi sa.
RENAISSANCE est un Mouvement sociopolitique de tendance humaniste oeuvrant pour la relève d'Haïti. Il est fondé le 8 mai 2019. Il lie la résolution de la crise au développement industriel et urbain. Pour ce faire, Il promote la creation de 4 Centrales Industrielles d'Ingenerie pr le Developpement urbain et Infrastructurel dans les 4 grandes regions du pays pour réaménager le territoire, réorienter la Société et l'économie, rendre le développement + autonome du politique sur le long terme.
vendredi 30 octobre 2020
REFLEKSYON NAN RENESANS SOU ERITAJ LEKOL ETNOLOJI A SOU JAN ANPIL MOUN EKSPLIKE PWOBLEM MANK ENPLIKASYON SITWAYÈN MAS YO AN AYITI
Se konsenan jan anpil moun Poze pwoblematik patisipasyon majorité popilasyon an nan zafè politik peyi a, nan zafè Leta.
Gen yon tandans ki vreman jeneral kay anpil moun nan peyi a, li menm dominan. Se apwòch ki bay yon eksplikasyon relijyez ak pwoblem sa.
E sa selon mwen, te kab konsidere kòm Youn nan eritaj lekol etnoloji a an Ayiti, ki fòme fason anpil moun reflechi sou sa kap pase nan peyi a.
Fas ak tip eksplikasyon sa, genyen pou nou yon lòt ki bokou plis syantifik, li plis nan domèn sosyo-istorik.
Pou moun ki renmen li liv analiz sosyo- istorik yo ou kab gen yon lide sou dimansyon kesyon maronaj la te genyen e nan period kolonyal la, e aprè endepandans la. E dimansyon sa, nou twouve ke gen yon paket otè nan 19em syèk nou an ki pat panche sifizaman sou li nan rechech yo, nan zèv yo pou konprann pi byen realite sosyete Ayisyèn lan.
Sètènman konteks entènasyonal la te gen pwa li sou oryantasyon premye elit entelektyel nou yo sou rechech yon egalite nan mitan ras yo, pou chèche gen plis valè devan je gwo peyi blan yo. Sa te mennen yo bokou plis fè anpil etid e travay etnolojik pou montre ke kilti afrikèn la te valab menm jan Ak kilti oksidantal la, pa blan yo.
E dimansyon sekèl e enpak pase kolonyal ak esklavajist la te vin manke etidye, manke fouye nan chan konesans ki ta dwe devlope sou konpleksite sosyete Ayisyèn nan.
Chan e eritaj zèv ki fèt sou mete an valè kesyon ras ak kilti afrikèn nan a travè kesyon kilti a vin kondwi eritye Edmond Paul, Jean Price Mars, ... Rantre nan yon batay san pran souf kont alafwa relijyon kretyèn yo, e lang fransèz la.
Jodi a pou anpil moun se pwotestan, ou kretyen ki koz povrete Ak soudevlopman peyi a. Se fransè Yo pale toujou nan peyi a, ke yo anseye toujou nan lekol nou yo ki ta lakoz nou pa rive aprann byen lekol, e ki ta gen Yon ensidans direk sou soudevlopman peyi a.
Jodi a gen nesesite poun gade koze sa yo Ak yon je kritik. E mete anfas apwòch sa yon veritab sosyoloji sou fòmasyon sosyal peyi a, atravè bonjan teori sosyolojik yo, poun ka vin genyen yon meyè konpreyansyon de koz pwoblem sosyete Ayisyèn la tout bon vre.
Pou nou a travè anpil rechech sosyo istorik nou te gen chans fè nan Kad preparasyon liv nou te ekri sou 'crise structurelle et exode rural en Haiti' vin eden konprann kesyon feblès patisipasyon yon fason kontini mas peyizan yo, e mas yo jeneralman nan zafè politik peyi a, ki ta kòm lese yon pil libète pou dirijan yo vòlè e dechèpiye kès leta a soti bokou plis nan sam ta rele yon evitman, yon mawonaj ke mas yo devlope depi sou peryod Toussaint Louverture, akoz jan konstitisyon 1801 li a te di, ak yo kòd riral gason pa kanpe li te mete sou nouvo lib yo, e ki vin reprann e kontinye sou Dessalines, Christophe, Boyer, ...
Eritaj maronaj la ki te deja la, vin kontinye pi rèd e vin devlope yon lespri kouri lwen pou Leta, e se Youn nan koz ki pwal eksplike lew konn Al travay an pwovens pafwa ou kab fè tout Yon jounen ap mache, monte mòn desann mòn, travese yon pil pas dlo pou al fè rankont ak de gwoup peyizan, ki konn pouse w mande tèt ou poukisa yo te fè chwa al rete lwenn konsa, lwen tout sevis debaz yo, tankou sant santé ou lopital, lekol, elatriye. Ki pwal fè tou an pwovens, lè yon peyizan ta rele yon lot nan tribinal, nan jijman, yo tou ret lenmi nèt pou lavi.
Donk pou mwen pwoblem patisipasyon mas yo, peyizan yo mal poze, mal abode e mal konprann. E se sak fè, ak eritaj etnolojik la, lè Maksis Ayisyen yo vini yo pwal kontinye e apwofondi travay sa. Nan de diskou tankou la religion est l'opium du peuple, E anpil moun pran repete'l kòm yon gwo verite. se pwotestan kap prêche reziasyon ki lakoz mizè nan peyi a konsa, etc. Yon diskou senp e senplis ki manke fondman syantifik pou rive eksplike konpòtman mas yo e mank enplikasyon yo nan vi politik peyi a.
RENESANS pap fè batay politik selman, men li vlé kontribiye nan Yon evolisyon pozitiv panse syantifik e sosyo-istorik la tou an Ayiti.
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Credo de RENAISSANCE
HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon
HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...
-
ACCORD RENAISSANCE Considérant qu’Haïti a passé 40 ans d’errance depuis 1986 ; Considérant l’échec répété des pouvoirs politiques, tant bi...
-
HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire