Salut salut les amis/ies
Koman nou ye ? Mwen twouvem devan sitiasyon peyi a ak CPT ki deside revoke PM Fils-aimé, Americain ki fouye dyol yo men longè nan zafè sa e ki ap bay sanksyon etc. Nan difikilte pou pran yon pozisyon sou sa kap pase a. E nou menm ki jan nou wè devlopman sitiasyon an ki pozisyon nou?
Pran yon pozisyon konpleks, paske yon kote CPT a pa bay rezilta, ansanm ak PM la ki se kounya ki ta vle montre li vle fè yon bagay kont ensekirite a ak Lapolis. Ki se yon eskandal lew konsidere kantite moun ki victim pandan denye tan sa yo.
Lot kote aktè politik yo ki di yo pou revocation PM la, men ou konnen neg sa yo se pa bagay peyi ki enterese yo vre, men pito pos la yap jofre san okenn plan ni pwojè valab pou pote yon chanjman nan sitiasyon peyi a.
Donk m oblije ap gade pou wè koman bagay yo pwal devlope. Men li sanble plis ke sèten se entènasyonal la ak Caricom, OEA ou depatman deta ki pwal kom toujou pran desizyon sou avni politik peyi a, paske dirijan nou yo two minè, iresponsab manke grandè pou ta rive fè sa Nan tet kole.
Men sa ki sèten nou vle depa CPT a ak tout premye minis la. Men kiles pou ranplase yo se yon lot pwoblem, yon lot kesyon tet chaje ke'n pa gen repons pou li.
Jhonny Estor
Responsab mouvman Renesans-Ayiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire