Dimanch 12 mas 2023 pase a, nan analiz nou te fè nan emisyon Limyè Renesans, nou te tante eksplike absans yon panse Ayisyèn ki te ka ede nou jwenn yon inite nasyonal sifizant poun te ka fè fas ak kriz aktyel la.
Nan konsiderasyon nou sou sak te ka reprezante yon panse Ayisyèn pandan 20em syèk la nou te wè: endijenis la, ki te vin bay nwarism e aprè Socialisme haitien
Fom di kem pat devlope endijenis ak nwaris lan net. Men sak te sanble pou mwen yon panse Ayisyèn pandan 20em syek la, se sosyalism Ayisyen an.
Men la sim gentan m te ka eseye pase sou limitasyon kouran endijenism ak nwarism la selon mwen
Pou mwen endijenis e nwaris la an Ayiti chache plis bay yon repons, montre yon rezistans ak dominasyon kilti blanch, oksidantal la ke chache devlope yon panse otantik sou sosyete Ayisyèn la, nati l, pwoblem li e koman yo wè evolisyonl nan lavni.
Pat gen okenn pwojeksyon ki te tante fet nan sans sa ki te ka rete pou nou yon eritaj. Kite ka sèvi e ede nou fè fas ak kriz aktyèl la.
M te wè panse tradisyonel la ki charye pwojè Ayiti esansyelman agrikol la, Ak yon majorite moun ki dwe rete an pwovens pou fè agrikilti e lot aktivite ki konekte ak li yo selman. E pou gen yon minorite lot ki rete nan vil pou okipe aktivite komèsyal, entelektyel, politik, kiltirel, etc.
Fason sa, panse de sak ta dwe Ayiti a, tonbe an kriz jounen jodi a, Kriz ekzistansyel, poul kontinye renouvle tet li.
E nou te abode panse goch Ayisyen an, kite sipoze yon panse kritik, altenativ de tradisyonel la, men ki pa rive fel vre paske premis li a te gen pwoblem
Premis la, panse alapapòt li, selon mwen pou goch la, nan yon peyi se konsidere ke nap viv nan yon peyi kapitalis, endistriyèl. Kote relasyon patron/ ouvriye a byen etabli e dominan, Alos ke pou mwen Ayiti nan lane 1930 yo e aprè plis sanble yon peyi semi feyodal
Lojikman, nan tout refleksyon si premis la fo konklizyon yo ap fo tou, ki vin fè pou mwen panse goch Ayisyèn lan manke otantisite. Li pase akote yon vrè refleksyon sou sistem sosyal Ayisyen an nan nati l, pwoblematik li e nan pwojeksyon pou yon meyè resolisyon kriz aktyèl la.
E jounen jodi a manke yon panse altènativ pa rapò ak 2 sa yo ki emeje, si se pa sa nap eseye fè a nan mouvman Renesans la. Kap eseye montre kijan sistèm sosyal Ayisyen an te chapante, kilè l efondre (1981), kijan nou pèdi nan chimen an aprè dat sa, jan nap pesiste nan erè yo jis jounen jodi a e ki oryantasyon ki kab ede nou soti vrèman nan sa nou ye a e bati yon nouvo peyi, ki se sèl opsyon ki rete nou vre. Men panse sa manke antre nan inivesite a, poul ta gen sant refleksyon, revi nan syans zimè e sosyal ki mache avel. Jiskaske li ta rive enpozel kom yon nouvo lekol panse, Yon nouvo paradigm.
Jhonny Estor
Responsab Renesans-Ayiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire