Nan tout rejim demokratik ki pran tout fòm yo e ki kite yon tradisyon, renouvèlman pèsonèl politik la fèt pa mwayen eleksyon.
Eleksyon ki fèt sou yon baz peryodik, regilye, transparan, lib, onêt, tabli règ jwèt pou genyen altènans politik.
Ayiti antre nan yon rejim demokratik aprè tout chapant diktati Divalyeris la te tonbe nan dat 7 fevriye 1986 ak adopsyon yon Konstitisyon tou nèf nan dat 19 mas 1987. Yo te tann 29 mas 1987 kote plis pase 1 milyon Ayisyen te vote li pa mwayen yon Referandòm.
A pèn nou soti nan Diktati, kondisyon yo pa te gentan kreye pou nou reyalize eleksyon pou mete moun sou pouvwa jan Konstitisyon 19 mas 1987 la mande li a. Pou rezon sa, klas dirijant nan epòk la ta prale mete kanpe premye rejim tranzisyon an ki se yon Konsèy Nasyonal Gouvènman (CNG) pou reyòganize lavi nan peyi a epi mete yon Konsèy Elektoral sou pye pou reyalize eleksyon.
Konsèy Nasyonal Gouvènman sa ( CNG) te konpoze de 6 manb, swa 4 militè ak 2 sivil. Non yo se ; Henry Namphy prezidan, Williams Regala,Max Vallès, Prosper Avril, Gérard Gourgue ak Alix Cinéas.
Konsèy Nasyonal Gouvènman an te genyen yon manda 2 lane pou soti 7 fevriye 1986 pou rive 7 fevriye 1988.
Selon ajanda KNG a, li te rive nan dat 13 mas 1987 pibliye dekrè ki kreye premye KEP peyi a te konnen. Nan dat 21 mas 1987 ,manb KEP yo te enstale pou yo travay jouk yo rive nan fè eleksyon.
KEP sa ki te monte mas 1987 la ta pral reyalize premye eleksyon li nan dat 29 novanm 1987. Eleksyon sa pa te fini byen. Fòs Divalyeris melanje ak Makout te masakre pèp la nan Riyèl Vayan kote anpil san te koule.
Eleksyon sa yo ki te gate ta pral pwograme pou yon lòt dat ki se 17 janvye 1988. Se nan eleksyon sa Militè sou pouvwa yo te reyalize a ki te bay Maniga venkè kòm prezidan.
Tranzisyon sa malgré se militè pwo Divalyeris te rive fè yon maskarad eleksyon, yo ta pral reprann nan men Manigat ak yon kou deta aprè li fini pase 4 mwa ak kèk jou sou pouvwa.
Li rete klè, tranzisyon politik se yon maladi pou rejim demokratik la an Ayiti. Tranzisyon yo pran nesans nan lit pou pouvwa kote fòs reyaksyonè ak aktè lopizisyon bezwen konsève pouvwa san pase pa eleksyon.
Pou kontinye, aprè Manigat fini tonbe 20 jen 1988, nou pral konnen 3 tranzisyon politik : Namphy 2, Proposer Avril, Hertha Pascal Trouillot.
Hertha Pascal Trouilot ki rive sou pouvwa a 13 mas 1990, pral montre detèminasyon li kote li rive nan dat 16 desanm 1990 reyalize youn nan pi gwo eksplwa rejim demokratik nou an ak yon eleksyon ki reyalize kote nivo patisipasyon pèp la nan jout sila a te depase 60%.
Si nou pran Eleksyon 1990 la kòm répè nou, pou rive nan dat 7 jiyè 2021 kote yo asasinen Prezidan Jovnel Moise, nou konte 9 rejim tranzisyon. Pou soti 2021 pou rive 2026 la, si nou ajoute tranzisyon ki prevwa ranplase KPT a, nou ap di nan 5 lane, nou konte 3 tranzisyon. Donk sou 40 lane pou soti 1986 pou rive 2026, sa ba nou deja 12 tranzisyon politik kote demokrasi a pa avanse. O kontrè ,se tout baz ki kreye yo ki efondre, se politik pou souse peyi a a ki kontinye.
Si nou pran menm dat 1990 kote nou ta di se premyè eleksyon nou rive reyalize sou demokrasi, pou rive nan dat 2016, ki se dat nou reyalize dènye eleksyon nou ki pote Jovnel Moise sou pouvwa, se sèlman 7 eleksyon nou rive fè sou peryòd sa.
Pi lwen, pou soti 13 mas 1987 pou rive a 2026, sou 39 lane, nou monte, rekonpoze 21 KEP deja. 21èm nan se li ki monte sou gouvènans Gary Conille an, ke KPT a te revoke.
Donk Ayiti konnen yon altènans politik monte desann, ki pa regilye, ki pa regle kote tranzisyon politik asosye ak rejim ki soti nan Eleksyon.
Sa nou ta rele yon sistèm politik ibrid ki marye rejim tranzisyon ak rejim eli se yon malfòmasyon Demokrasi an Ayiti. Pratik gouvènans sa ki lye ak diktati se yon ak konsyan. Paske tout klik nan Klas dirijant ki alèjik ak Eleksyon , renmen tranzisyon. Tout rejim politik ki rive nan yon faz li pa kapab renouvle tèt li pa vle fè eleksyon. Pou li fè eleksyon, se eritye rejim lan ki pou plase sou pouvwa.
Nou konstate, fen manda rejim tranzisyon oubyen Rejim demokratikman Eli fini menm jan. Yon opozisyon dwat agoch ak yon bann inisyativ pou pataj pouvwa. Pou soti 2016 pou rive 2026, sa fè 10 lane pa genyen eleksyon. Sa fè 2 manda prezidansyèl ki pa pase nan kontè demokrasi an pou montre nou genyen yon bon koyefisyan demokrasi.
Nou dwe frennen emoraji Tranzisyon politik sa pou rive tabli yon Gouvènans politik ki estab ak yon ekip dirijan ki genyen entèlijans ak klèvwayans politik. Pou m reprann pawòl Akademisyen fransè Jean Cocteau : " Être homme politique c'est de dire à l'avance ce qui va arriver demain, la semaine prochaine, le mois prochain et l'année prochaine. Et d'être capable,après, d'expliquer pourquoi rien de tout cela ne s'est produit" .
Gandhi
Alias: Willy Jean-Louis

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire