Nap pataje ak nou yon refleksyon ki poko fini ke'n tap fè, ki soti nan seri emisyon nou te konn fè sou nosyon Leta a.
Se yon seri refleksyon ki etalel sou ki sa ki ta pwoblem pi fondamantal peyi d'Ayiti de ane 1980 yo a jounen jodi a.
Gen moun ki poze pwoblem tranzisyon demokratik la, irespè konstisyon an, movèz eleksyon yo, movèz gouvènans la, koripsyon an, ensekirite a, etc.
San poze pwoblem bezwen popilasyon an yo, ki se sous lejitimite Leta menm lè lap travay pou rezoud yo.
Pa bliye Leta sòti nan volonte yon popilasyon sou yon teritwa done pou kreye antite sa pou asire sekiritel, jistis pami yo e mete anplas kondisyon nesesè pou amelyore lavi ekonomik, sosyal e kiltirel li.
Nou kapab di sou baz sa, ke pwoblem fondamantal nan peyi a ki pwodwi tout enstabilite sa yo pandan tout 36 a 40 dènye ane sa yo se fayit Leta Ayisyen an devan responsablitel fas ak bezwen popilasyon an jeneral.
E nou ka eksplike fayit sa pa eleman sa yo:
1- konteks entènasyonal la ki enpoze program ajisteman estriktirel yo, neoliberalism la ki pwone dezangajman Leta sou plan sosyo ekonomik e koupe anpil nan mwayen ke Leta te genyen poul bay tet li resous ekonomik pou fè fas ak responsablitel yo, tankou privatizasyon antrepriz piblik yo fel.
2- kilti e tradisyon ke elit sosyo ekonomik e politik yo genyen pou pa gen konsiderasyon pou mas pep Ayisyen an, ki fè yo pat janm enterese ak pwoblem yo ni bezwen yo depi lontan.
3- transfomasyon ou tranzisyon sosyal de rural a l'urbain an ak tout nouvo bezwen ke sa mennen dèyèl nan vil yo tankou: lojman, lekol, sante, sekirite, salibrite, etc. Ki ekzije plis entèvansyon, planifikasyon ak kapasite nan Leta a ke jisteman pwogram Neoliberal yo enpoze nou an, anpeche.
Donk, poun konkli, selon nou pwoblem fondamantal peyi d'Ayiti pandan plis pase 40 ane sa yo, se pwoblem jesyon bezwen popilasyon Ayisyèn lan ke Leta pa janm asime pandan tout peryod ale de Duvalier a Ariel Henry.
Kifè se pa ni pwoblem konstitisyon, santralizasyon (federalism), tranzisyon demokratik, etc. Ke nou bezwen adrese poun soti nan teyat repetitif enstabilite politik, mouvman popilè, piyaj, dechoukay, ensekirite etc. Men se resantre Leta sou veritab wol li, se fel focus plis ke tout lot bagay sou responsablitel anvè popilasyon Ayisyèn la.
Jhonny Estor
Resp. Renaissance Haiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire