Bonjou tout zanmi kamarad nou yo
Sou dosye sa, m gen kèk preokipasyon, sou jan lap fet la.
Paske flev atibonit la soti Sendomeng.
Pou mwen jan yap louvri kanal la dwe plis reglemante, kalkile teknikman, Pou pa nwit enterè de peyi yo, sou de bò.
Paske nou pa gen yon Leta responsab, ki fè plan sou jan pou yo jere resous nou yo pou amelyore kondisyon vi popilasyon an, ki fè se pèp la limenm ak kek patikilye kap pran inisyativ fè yon seri bagay nan peyi a, tankou jan yap konstwi kay, wout, e jan jounen jodi a pep nan Wanament ap debouche yon kanal sou larivyè masak.
Donk, li vin sanble yon bagay kap fèt yon jan popilis.
E sa ka mennen dominiken yo al eseye fè menm jan an sou bò pa yo pou redwi debi dlo flèv Latibonit la sou bò pa yo, ou chache detounenl, san nou patakab anpeche yo. Se sel la lwa, law entènasyonal yo ki takab ede nou anpeche yo. Men si se nou ki komanse vyole lwa sa yo, nou pap gen okenn rekou.
E sa ta vreman nefast, terib pou plantasyon diri yo nan plèn Atibonit la e kominote sa.
Bagay sa yo se Homme d'Etat ki wè pi lwen ki ta dwe adrese yo e san pasyon, tet frèt.
Jhonny Estor

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire