Bonjou bonjou tout zanmi kamarad nou yo.
Yon ti klarifikasyon sou tez nap defann lan.
Yon fason senp e direk nap defann lide ke se motè peyi a ki kraze, donk se yon bon Mekanisyen nou bezwen ki ka ede nou chanje motè a, ranplasel pa yon lot.
Kidonk nan ka sa se pa chofè nou bezwen (candida pou prezidan, eleksyon) ke tout moun sa yo al chita nan yon kwen, al grate... 🤣 se bon mekanisyen nou bezwen.
Donk nou bezwen travay pou chache yon konsansis sou ki motè nap met sou machin lan. Pwopozisyon motè nou wè ki reponn plis ak sitiasyon an pou'n dakò yo enstale sou machin la, konektel, eseyel, sekirizel.
Yè m te nan yon zoom meeting kote gwoup Paul Latortue, GRH te òganize. Te gen Pwofesè Jean Marie Theodat ak Frantz Duval kom invite.
Moun yo tap pale anpil sou revolisyon revolisyon ki pou ta fèt jounen jodi a an Ayiti.
Yo tap pran ekzanp nou te fel deja en 1804 nou ka refel anko.
Men se mank lucidité intellectuel. Se pa menm konteks yo. Avan se te blan colon eskalvajist ki tap oprime esklav nwa yo. Men jodi a se pwòp Ayisyen kap touye youn lot.
Sel revolisyon posib mwen wè mwen menm:
Se lè elit yo majoritairement (tous secteurs representés) aksepte mache e sipote yon lidè ki vin ak yon pwojè ki vize yon meyè entegrasyon sosyal popilasyon an a travè yon plan pou devlopman urbain et industriel.
Lè sa nap kapab rive opere yon veritab chanjman, yon chanjman kategorik nan istwa peyi sa depi aprè endepandans la.
Men se pa yon lide yo pwal mache fasil ladann, paske yo abitye chita sou ke yo, kite peyizan ap travay di latè anba solèy, pou yo tann rekolt la fèt pou resevwa mwatye ladann, fè bè yo San travay, San fòse sou tèt peyizan yo. Se sak fè poko gen okenn lot lide ki kab pran ak moun sa yo.
Jhonny Estor
Responsable Mouvement Renaissance-Haiti
.jpg)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire