jeudi 10 septembre 2020

MEN TOUT AVANTAJ YON KONKOU PWOGRAM SOSYO POLITIK E EKONOMIK AP BAY SOU ELEKSYON TRADISYONEL YO

 

1- Lap bay patisipan yo endepandans ou otonomi yo pa rapò ak finansman sektè dwòg dilè, mafya ak entènasyonal la;

 2- Lap pran mwens tan pou òganize e realize ke eleksyon tradisyonel nou konn fè yo;

 3- lap redwi chans politisyen tradisyonèl yo ki pran abitid vin vann slogan olye ke bon jan pwogram, pou enpoze yo;

 4- Lap yon okazyon poun fè politik yon lòt jan, kòm nou konn renmen dil e swetel la;

 5- Lap ede rezoud pwoblèm magouy nan eleksyon kote se entènasyonal la ak kek gwo potanta nan sektè prive a kap bay peyi a move prezidan, tankou Martelly et Jovenel;

 6- yon konferans nasyonal nan moman an, ak tout gwoup e sektè antagonik nou genyen yo, e sitout sosyoloji nou montre nou pa konn mete n dakò fasil nan diskisyon, konkou a tap yon meyè metòd, apwoch poun kontoune pwoblem sa. 

 7- Lap pèmèt peyi a vin gen yon oryantasyon klè sou kijan nou pwal travay poun devlope peyi a e rezoud pwoblem ekonomik e sosyal yo;

 8- Lap kab ede nou mete priorite nou sou rezoud pwoblèm sosyo ekonomik yo ki gen anpil ijans nan moman sa yo ke pwoblem politik yo. 

 9- Epi lap montre nou gen kapasite poun inove, ke fas ak yon pwoblem rekiran, repetitif nou gen kapasite ak entèlijans nesesè pou nou rezoud yo e evolye tankou nenpòt lot pèp sou tè a;

 10- Sa ap montre nou pa esklav mantal okenn modèl gwo peyi ki toujou patisipe nan malè nou yo enpoze nou, ke nou ka pran libète ak endepandans nou ak tout sa nou idantifye ki vin yon pwoblem pou nou.

 

Jhonny Estor

Manm fondatè mouvman RENESANS

1 commentaire:

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...