Zanmi Renesans yo, map envite nou fè yon ti refleksyon aprè midi an, poun ta edem konte sa nou manke yo ki fè aprè plis pase 35 a 40 an yo anviron nap viv nan yon kriz sosyetal, ekonomik, politik, ... e nou poko janm kab rezoud li? Nou poko janm ka rive sòti ladann?
M pa kwè gen yon lot pèp jounen jodi a ki tap pase tout tan sa nan yon kriz san yo patap gentan rezoud li deja. Sa lot pèp yo genyen ke'n pa genyen? Ede'n enimere souple?
Bon si'n pran apwoch sa nou pwal di lòt nasyon yo gen lekòl nou genyen tou, men ki lekol? Lot yo gen inivèsite nou genyen tou, men ki inivèsite? Lot yo gen elit nou genyen tou, men ki elit? Lot yo gen yon klas politik, nou genyen tou men ki klas politik? Etc.
Sa ta vle di tout sa yo genyen yo nou sanse genyen yo tou, men kalite yo sanble pa menm.
Abdul Jean: Nou gen yon paket nanm anbilan..men noupa gen "Moun" kou nou tanmen fé endivi yo vin moun! Nap gen yon nasyon.
Jhonny Estor: Nou gen moun, sa se yon evidans, men sa moun nou yo manke?
Apwoch sou moun nou yo, nou ka enimere, pa nou yo sanble manke konsyans sosyal, two endividyalis, enterè pèsonèl yo pase sou enterè kolektif yo. Nou manke renmen peyi pa nou an, oubyen nou renmenl mal? Nou manke entelijans? Nou manke konn wont? etc.
Sa nou ka di sou sa anko?
Men, sanble nan sa kap rive nou la, apwoch konparativ ak lot peyi yo ak lòt moun yo ka montre nou selman nou gen diferans nan kalite pa nou yo ak lòt yo. Men sanble pou konprann sak fè diferans sa yo se nan apwoch sosyo-istorik la pito nap rive fè sa pi byen. Menm jan nou konn abitye fel deja, lè'n konn konsidere efè sekèl pase kolonyal yo sou fonksyonman moun yo, klas sosyal yo, elit yo, dirijan nou yo.
Men lè nap konsidere tout longè, dire plis pase 40 an kriz la sa montre nou jan chanjman sosyal, chanjman yon peyi difisil anpil.
Men selon nou manm Renesans yo, lèl osi evidan ke anyen pap mache, ke nou echwe nan oryantasyon, nan chimen ke nou te pran avan an, sak fè chanjman an ka rete toujou osi difisil?
Jor: kòmante nan yon voice, men rezime sal di a : Mwen konprann apwoch ou a wi Jor, ou ale nan sans chanjman revolisyonè, e ke yon volonte politik enpoze sou res moun yo, sitou klas ekonomik la, ak klas mwayèn nan ki selon ou gen yon konpòtman nou te ka di anti Ayisyen, anti patriotik?
Jhonny Estor: Petèt se ou ki gen rezon Jor. Paske mwen te vle al nan direksyon chanjman sosyal, nan sans evolisyon natirel sosyete a sou sal te ye e sa li vin ye kounya. E eseye adapte yo, òganize yo, mete yo a la hauteur de sa yo vin ye a e chache òganize nouvel realite yap viv la yon fason satisfezan pou tout moun.
M te vle pale de yon evolisyon nan nivo lespri nou, chanjman nan konsepsyon nou, de sa nou te ye ki dwe chanje kounya. Map pale de chajman sosyal. Men janw dil la, chanjman yo pa konn fèt san mouvman, aksyon moun ki konsyan yo sou lot moun ki pa wèl yo.
Paske se pap janm tout moun ki pwal wè e konprann gen nesesite pou gen chanjman an vreman, malgre tout bagay.
Donk, yon lot rezon ki fè chanjman an poko ka rive fèt an Ayiti ankò, se petèt sosyete a ap balanse nan kesyon si yo dwe fel tankou kanada, yon revolisyon dous? oubyen yo oblije fèl ak vyolans, yon revolisyon sanglant?
Se petèt ne a blokaj chanjman an nou manyen la. Alò, poun pi klè, sak sanble ki fè chanjman an poko ka rive fèt jiska prezan malgre tout degradasyon sitiasyon an se konfizyon, ensètitid ki genyen sou de chwa sa yo.
Sa vle di pou bagay yo vanse, moun yo bezwen mande tet yo 1: eske kiltirelman e istorikman nou gen resanblans ak kanadyen yo?
Poun ta di eske revolisyon trankil yo te rive fè a nou vreman kapab fel menm jan ak yo?
Fòn konnen nan listwa, kanada fome an majorite ak pakèt pil ameriken nan peryod revolisyon amerikèn lan, ki pat pou revolisyon an, ki te vle Etazini rete anba otorite angletè. Sa vle di, depi nan orijin yo, se de moun ki te toujou fè chwa pou opsyon pasifik yo.
Istwa nou montre nou klè nou diferan, nou libere, vin endepandan, kreye peyi D'Ayiti nan batay, nan vyolans, el patap rive fèt san sa. E gen plizyè lòt pèp se menm jan ak nou yo rive fè chajman lakay yo, tankou fransè yo, Ameriken yo, Russe yo, Kiben yo etc. E kanada ta sanble yon eksepsyon nan listwa limanite!
Men fè yon revolisyon sanglant tou nan moman sa gen konsekans li, gen anje pal. E anpil moun sanble wè gen anpil chans poul ta echwe nan chemen sa, akoz de jan mond lan vin ye a, akoz gran vwazen an ki tou pre a, etc.
Sa vle di kesyon an krisyal nan moman an, li grav, e se petet sa yo ki bloke chanjman peyi a jiska prezan aprè 40 an.
Sa pwal sijè 6èm emisyon Limyè Renesans pou dimanch pwochen si Dieu veut, nou envite nou pa ratel!
Jhonny Estor
Manm Fondatè Mouvman RENESANS
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire