Yè nan Yon deba, m tap konpare sakap rive peyi a, ak lè titanic tap koule a, mwen te twouve ekzanp sa vreman karakteristik de sakap rive peyi a.
Avan titanik te pran chok nan Iceberg la poul te Komanse koule a, tout moun tap viv e fonksyone selon ran yo, klas yo e prensip ki te établi sou bato a.
Moun nan premye Klas e/ou Klas Biznis selon ran yo Ak tout privilej ki te rezève pou yo. Moun nan klas mwayèn, fonksyonè yo nan sevis patwon yo, nan plas yo.
Moun klas ekonomik yo nan ran yo e nan espas ki te rezève pou yo, etc.
Tout moun tap fonksyone nan respè prensip ki te établi yo. E chak moun yo te kòm aksepte prensip ki te établi yo.
Men aprè chok la tout bagay vire. E li te vin enposib pou kapitèn la ak ekipaj la rive fè moun yo respekte ou obseve lòd établi yo.
Ou te wè yo te Komanse fè se sel moun rich yo ki te gen dwa an premye jwenn kannòt pou sove vi yo. Men lè bagay la vin ap konplike plis, presyon m'as moun yo vin kraze tout baryè yo te mete devan yo. E kek nan yo oblije utilize gwo fòs vyolans pou sa e te Vin gen Yon dezod jeneralize, se te Yon sauve qui peut.
Mwen te konpare sitiasyon sa Ak sa kap pase nan peyi a, Ki an Kriz depi 40 an anviron kounya, Kriz estriktirel, sistemik, ekzistansyel.
Li dire telman ke jèn jenerasyon kounya yo panse se konsa menm Ayisyen an kab viv. Nan dezod jeneralize, nan fè tout sak posib e inimajinab pou viv. San moralité, lanmò lòt moun pa Di anyen pou yo, Kidnaping, vyol, masak, timoun nan lari, yo met ap mouri chak jou, sa pa vlé di anyen pou yo.
Yo pa realize ke se paske bato a kap koule kifè sa, e chak moun ap tante fè enposib pou rive sove pwop vi pa yo, san foute yo de lòt yo.
Se sak fè lè moun ap mande kòman fè tout valè yo ap pwale konsa nan sosyete a, yap mande sakap rive nou konsa, legliz an kriz, lekol, inivesite, medsen, avoka ap fè tout kalite bagay pou fè kob, medya (jounalis), etc.? Mwen realize ke yap mande sa se paske yo poko janm ka realize ke sosyete a ap viv yon grav Kriz egzistansyel.
Ke Kriz sa se pa Kriz politik la li ye, Sa moun yo kab wè ak plis fasilite. Men pa kriz estriktirel la.
Pou mwen poko gen yon bon valè moun ki konprann sa, ki rive vreman realize ke nou an kriz egzistansyel.
E tan yon kantite reprezantativ moun pa konprann sa, nou pap kab twouve vrè solisyon an ak sa kap pase nou an. E nou riske pase anpil anpil tan ankò nan sitiasyon sa, jiskaske nou koule nèt anba dlo lanmò kriz sistemik, estriktirel la, kriz ekzistansyel sosyete tradisyonel Ayisyèn lan.
Mesi pou pasyans nou,
RENESANS la ap toujou chèche rete yon Limyè nan gwo blackout la.
Jhonny Estor
Kodonate Jeneral Renesans

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire