Nan pale ak kek Zanmi sou jan nap obseve anpil inisyativ federativ nan dyaspora a. Kote chak gen pwojè e plan pa yo, diferan Youn de lòt ak lidè pa yo.
Men li rete sèten ke yo tout gen Yon intérêt komen, Yon objektif komen kise Haiti, pote Yon kontribisyon pou ede peyi a sòti kote li ye a.
Donk, Mwen ak Zanmi sa yo ap etidye posiblite ki genyen pou ta rive regwoupe tout oganizasyon sa yo nan dyaspora a ansanm.
Paske nou toujou obseve feblès ki genyen lè nou vle ale pou kont nou yo. Feblès ekonomik ak politik. Nou pa fè twop enpak, yo neglije nou très souvan épi nal echwe pi devan.
Nou panse si nou rive regwoupe nou vreman nap gen plis fos, e nap kab rezoud pwoblem ekonomik ak politik mwen pale piwo a.
Eksperyans ki fèt deja yo montre nan inisyativ ki konn pran avan pou reyini regwoupman asosiasyon sa yo toujou konn rive echwe lè pou mete yon Moun nan tèt li. Depi yo rive nan pwen sa batay pou lideship la, kraze l.
Alò nou panse fwa sa nou te ka rive mete tet nou ansanm sou yon lòt apwòch, yon lòt baz ki tap yon konkou ak diferan pwogram chak oganizasyon ki vle patisipe yo.
Nou tap mete nou dakò a lavans, ke pwogram ki rive sòti genyen an, tout diferan regwoupman yo ap dakò mache deyel, supotel tout jan ekonomikman, politikman, relasyonelman, etc.
Men Nan yon sousi pou entegre plis pwogram nou te ka genyen diferan kategori, tankou: santé, edikasyon, agrikilti ak anvironman, ekonomik e politik.
Se yon lide RENESANS ap fe pwomosyon pou li nan Dyaspora a. Si bo kote paw ou konnen kek ogazasyon nan dyaspora a ede nou kontakte yo e fè yo konnen posiblite sa mete sou pye Mouvman inifikasyon sa ki kab fè yon diferans s'il reyisi.
Merci davans tout zanmi kamarad nou yo pou sipo ou.
Jhonny Estor
Coordonnateur RENAISSANCE
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire