jeudi 31 décembre 2020

NESESITE POU DEMOKRASI NOU AN SISPANN REDWI AK ELEKSYON MEN POUN FE ENSTITISYON YO REJWENN TOUT DIMANSYON YO NAN DEMOKRASI À E LAVI NASYON AN

Mardi 29 desanm dènye nan patisipasyon nou nan Emisyon Espas Dyaspora ki anime pa Jean-Samuel Trezil sou radyo KPN nan Boston, nou te devlope de  analiz sou demokrasi amerikèn la pa rapò ak pa Atiti a, ke nou ta renmen pataje ak nou.

Animatè a te lanse deba a sou evantyel disfonksyonman demokrasi amerikèn la ta genyen lè lap gade tout pwoblem Trump ap bay  depi dènye eleksyon yo. Li tap mande eske demokrasi a ap esoufle, pa ta Jwenn twop solisyon pa rapò ak difikilte Trump ap kreye yo. 

Pou mwen, okontrè ak lide sa, Mwen te twouve demokrasi peyi sa tap aprann nou yon gwo leson ke nou menm Ayisyen ta bezwen konprann e aprann. 

Sam te wè pito, sete gwo wol majè, enpotan enstitisyon amerikèn yo rive jwe pou kontre tout tantativ derapaj, otoritè, anachik e anti demokratik Trump yo. Sa ke enstitisyon nou yo patap janm ka rive fè, lè nap gade tout derapaj Jovenel rive fè an Ayiti sitou pandan ane 2020 sa.

Nou te di, ke pou anpil Ayisyen e dirijan nou yo, demokrasi a redwi selman ak kesyon eleksyon, pran pouvwa nan eleksyon e that set. Men ta sanble nan demokrasi amerikèn la, se pi piti bagay la. Paske nou we gen bokou plis enstitisyon ki entèvni pou te bloke Trump nan tantativ li yo pandan 4 an mandal la. 

Sa ta vle di, lè papa nasyon sa yo tap panse peyi sa e demokrasi li a, yo pat selman reflechi ak eleksyon pou mete prezidan pou dirije peyi a, men yo te sanble konnen tou, ke Moun sou pouvwa ka reprezante yon gwo danje pou tout Yon nasyon an e fòk yo fè mizanplas pou anpeche sa, pou limite evantyel derapaj yo.

Pa bliye ke langletè se Youn nan peyi ki gen yon long istwa ak yon paket Rwa. Chak rejyon te konn gen Rwa pa yo sou teritwa a ki te konn tout tan nan batay antre yo, e yo te fè eksperyans ak tout kalite Rwa tèt chaje. Eritaj istorik sa yo ta parèt ba yo anpil matirite nan zafè politik, e sitou lè Moun sou pouvwa.

E se pwobableman eritaj sa, anplis ak gwo teori politik yo ki tap devlope nan epok la (Montesquieu, Alexis de Tocqueville, ...) Ki fè yo rive prevwa non selman kijan yap bay Moun pouvwa, men sitou kijan pou yo rive kontwole yo pou yo pa vin deregle sou yo, ak yon Seri enstitisyon tankou: lajistis, paleman, laprès, enstans kap fè eleksyon yo, inivèsite espesyalize pou prepare fonksyonè Leta yo e fè yo konprann wòl enstitisyon yo e dinamik enterelasyonel ki genyen ant yo, nan ki moman e kilè youn dwe kontwole lòt, etc.

Nou te realize ke an Ayiti Moun kap dirije diferan enstitisyon yo pa rive fè yo jwe wòl yo, sanble yo pa menm konnen, ni konprann vrè wòl yo. 

Pandan nap pale de Tranzisyon Renesans la ak fen manda Jovenel Moise la 7 février 2021, nou panse ke refè enstitisyon yo, e prepare ak fome Moun ki pou dirije yo nan sans pou yo rive jwe vrè wòl yo pwal youn nan gwo priorité peyi a pou asire relèv nasyon an e yon avni meyè pou pèp Ayisyen an.

Renaissance est pour des institutions fortes avec des gens formés et préparés pour les faire jouer leur vrai rôle dans le système sociopolitique haïtien.


Jhonny Estor, 

Coordonnateur Mouvement Renaissance





Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...