mardi 1 décembre 2020

TI REFLEKSYON NAN RENESANS SOU SAK KA ENFLIANSE POZISYON POLITIK ETAZINI PA RAPÒ AK YON SERI PEYI

 Jhonny: Kesyon pou deba kamarad

Edem konprann, lè ameriken kanpe devan de ti peyi, eske se pou anpeche risk yon pouvwa sosyalis devlope nan peyi sa, oubyen se Devlopman peyi a menm ki ba yo pwoblem?
Bon nou wè yo kite de peyi devlope kanmenm, tankou Rep. Dominikèn, Chili, Taiwan, Singapour, Thaïlande, etc.
Eske se paske élit politik, ou dirijan peyi sa yo pat reprezante okenn risk pou yo vin sosyalis?
Eske gen yon lojik dèyè jan yo aji ak yon Seri peyi nan yon fason ou Yon lot fason?
Paske nou wè tou jan yo fel ak Cuba, Venezuela, Brezil, e ak peyi nou Ayiti, etc.
Eske tandans dominant de goch kay elit entelektyel ak politik nou yo jwe yon wol nan pozisyon Etazini pa rapò ak Ayiti? Odela de konpreyansyon nou toujou genyen ke se revolisyon esklav Sendomeng 1803- 1804 ki ta fè se konsa yo trete nou aprè plis pase 200 zan.
Bon nou ka toujou konsidere tou 1915 okipasyon amerikèn la. Pou ta di lè sa potko gen risk sosyalis la nan lemonn.
Bon gen de moun ki kab toujou di se te peryod komansman ekspansyon enperyalis ameriken an, ak politik Monroe a l'Amérique aux Américains.
Men nou kab konsidere tou ke gen kek peyi Etazini te okipe tou nan menm peryod la e ki fè bel pwogrè aprè tankou Porto-rico, Sendomeng, etc.
Donk kesyon an rete entak. Eske pozisyon Etazini parapò ak yon seri peyi depann de risk pou Devlopman yon sosyalis nan peyi sa ou pa?
Jhonny Estor
Koodonatè direktwa RENESANS

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...