Pou zanmi ki ta renmen pale de Renesans nan kominote l, ak zanmi'l, nan radyo, etc. Di yo Renesans la se Yon inisyativ Ayisyen an Ayiti e nan dyaspora a kap travay pou relev nasyon an.
Relev nan Leta, administrasyon piblik la; relev ou refòm nan la jistis, l'edikasyon, la sante;
Relev ekonomik peyi a nan redwi depandans li parapò ak lòt peyi yo, epi relèv nan kondisyon vi sosyoekonomik pèp Ayisyen an.
Yon lòt kote nou panse ke tradisyon, eritaj ak vi politik Ayisyen an ki karakterize pa batay ak chirepit tout tan, koripsyon, gaspiyaj nan Leta, diskontinite nan pwojè yo sot nan Yon gouvènman pou Al nan Yon lòt, enkonpetans ak mank vizyon, elatriye kay prezidan nou yo, reprezante pami pi gwo blokaj pou devlopman peyi a.
Pou tèt sa nou panse, pou nasyon an rive sòti nan mizè ak soudevlopman, fòk nou ta rive libéré, retire devlopman, travay pou devlopman peyi a nan men yon dirijan politik yo, yon prezidan, yon gouvènman kelkonk. Poun ta metel nan men yon enstitisyon teknik, spesyalize ki bezwen kreye pou sa.
Nan pwogram RENESANS la nou relel Santral Endistriyel Enjeniri pou devlopman Rejyon yo. Dirijanl yo dwe enjenyè ki gen diferan espesyalizasyon, achitek, Ibanis, jeolog, administratè, etc.
Enstans sa dwe genyen pou pi piti 60 ak 70% taks nan rejyon kote lap travay la pou jwenn lajan pou finanse Bidjè anyèl li e pou realize travay devlopman enfrastrikti yo (wout, chemen defè, ibanizasyon), devlope pwojè elektrisite, kapte rivyè pou trete e alimante vil yo, pou fè irigasyon e devlopman agrikilti nan rejyon yo, reamenaje plaj yo pou devlopman touristik ak lapech, etc.
Pou enstale 4 Santral sa yo, yap bezwen ed lot peyi zanmi Ayiti yo, nan Yon diplomasi ki pwal adapte pou objektif sa.
Enstans sa yo dwe benefisye pwoteksyon bon jan lwa, ak Yon refom nan lajistis ki pou rann li fò ase pou anpeche pouvwa ekzekitif ou santral la koupe résous yo e anpeche yo fè travay yo aprè Yon sèten tan.
Nou panse lap nesesè lè nap gade jan mond politik la divize, ke nan pouvwa, ou nan opozisyon. Opozisyon divize sa gentan fè nou wè li pwal pi grav aprè Jovenel ale e mizè ak soufrans pèp la gentan twop deja. Nou pap kab chanje nèg ak fanm politik nou yo, men nou ka travay poun anpeche yo rete yon barikad a Devlopman ti Ayiti Cheri nou.
Vin sipote nou, vin akonpaye nou realize bel objektif sa kap tou pèmèt nou leve gwo defi sou Devlopman an reprezante pou nou.
Viv yon Ayiti devlope ak RENESANS
Viv tranzisyon RENESANS la
Epi patajel youn ak lòt, fel rive nan zorey tout dirijan yo, tout pitit peyi a ki swaf deblokaj NASYON an!
Jhonny ESTOR
Kòdonatè Direktwa RENESANS

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire