Maten an nan yon ti analiz sou sitiasyon politik peyi a AK Jor, Nou tap konstate Jan yon seri de potansyel prezidan ap elimine sou echikye politik la, nou wè :
1- dosye asasina Jovenel Moïse la nan dènye evolisyonl, sitou ak rapò RNDDH la, elimine si yo tap diskite pou chache Jwenn yon konsansis pou mete Yon prezidan, jij Wendell Coq Thelot, Ariel Henry, etc. nan kominikasyon yo ak konplotè yo ki revele. yo patap ka defann yo tan pwosè Lanmò sa poko fèt.
2- koze dwòg la nan palman an, elimine tou Joseph Lambert, surtout devan blan an li tap tann benediksyon yo an;
3- Kaka chat yo ke Senatè Beauplan mete deyò semèn pase a sou radio Métropole, montre au grand jour rôle opozisyon an te jwe nan kende Jovenel Moïse sou pouvwa nan batay youn Kont lòt pou pouvwa, an deyò tout konsiderasyon pou enterè peyi a.
Gen Yon pwosesis delejitimasyon sistematik kap vanse sou aktè politik yo nan peyi a, sa ki ta ka lese plas a lot aktè, menm sak nan dyaspora yo, e pou ki pa.
Nan konteks sa se konsansis sou baz kredibilite AK lide, bon plan, bon pwopozisyon pou relèv peyi a Yon moun ou yon gwoup Moun ki ta dwe pi enpòtan. Depiw se Ayisyen kew tap viv an Ayiti ou nan peyi etranje se pa sa yo ki ta dwe pi enpòtan m'en pito krediblitew AK pwopozisyonw ki ta dwe plis konsidere.
Nou tout dwe ladann pou RENESANS la posib!
Jhonny Estor
Pou Renesans
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire