Bonjour bonjour
Yon ti kout refleksyon m vle pataje ak nou sou sak selon mwen ki nesesè poun sòti kote nou ye a.
M panse nap bezwen adrese 2 difikilte poun sòti nan katchouboumbe nou ye a.
1- pran baton peleren n poun fè yon kanpay bò kote Ayisyen yo, oganizasyon politik e sosyal yo sou nesesite poun jwenn yon inite poun ale nan modènizasyon peyi a, nan devlopman endistriyel e iben, poun sòti nan eksklizyon sosyal la e nan sistem semi feodal la ki kreye tout kalite vyolans nou konnen yo.
Men gen yon paket Ayisyen, se de irreductible, extremiste yo ye ki toujou vle batay kont de pwisans tankou Etazini, la France, etc. komsi sel vokasyon nou se batay ak pi gwo peyi pase nou e tout tan, nan tout peryod. Komsi, jan nou te pran endepans nou an kondane nou poun batay net ale pou tout res ekzistans nou. M panse se enfantilis, nou bezwen grandi, gen plis matirite.
Ki fè pou yo sel pwojè ki dwe konsidere se sila yo kap mete nou anfas gwo pwisans yo selman. Menm yon pwojè industrialisation, modernisation peyi a, menm sil ta kab chanje lavi majorite pep Ayisyen an, sil pa poze pwoblem ak gwo pwisans yo, li pa bon pou yo.
Mwen panse plus que jamais nou bezwen pran wout modernisation, integration ak urbanisation an e kite sosyete tradisyonel la deyè nou, Dans le passé.
E nou bezwen depase kesyon goch/dwat la pou objektif nou se kreye yon peyi kote li fè bon pou viv, e kreye kondisyon pou tout moun kab konnen yon meyè lavi, se pi bon viktwa nou kap genyen sou peyi sa yo. "Devlope peyi a".
Kominike, fè kanpay sou sa, e ensiste jiskaske nou ka reyini yon majorite moun sou wout sa.
Aprè nou fin reyini majorite sa, nap bezwen al nan 2em pwen an.
2- Se al chèche fè kanpay tou bo kote entènasyonal la, Poun di yo, se pa tout Ayisyen ki vle devlope peyi d'Ayiti ki se kominis. E pou yo manyen kanpe sou refleks la guerre froid la, ki mete etikèt kominis, enemi enterè yo sou tout moun ki ta renmen wè peyi yo devlope e kap batay pou sa.
Pou yo ta manyen fini ak operasyon Condor a, ki sanble ap kontinye pou Ayiti. Pou yo sispann elimine e mete sou kote patriyot Ayisyen yo, fok yo jwenn yon mwayen pou yo fè diferans ant moun kap lite kont sistem kapitalis e moun ki swete tou senpman wè devlopman peyi yo.
Tou 2 aksyon sa yo se sou baz bonjan kanpay, diplomatik pou yo mennen pou yo ka rive bay rezilta, ki se ouvèti yon koulwa kab nesesè poun soti nan kao a e tou pran chemen devlopman an.
Mesi
Jhonny Estor
Fondateur Renesans Ayiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire