Bonne fete drapeau ak tout zanmi kanmarad nou yo nan Renesans-Ayiti. Fèt sa raple nou ke'n gen yon peyi toujou.
Malerezman mank anpati, sansiblite ak endiferans dirijan yo pou popilasyon Ayisyèn lan fè peyi nou an preske tounen yon lanfè.
Twop endiferans kay elit yo, dirijan yo pou Ayisyen, pwop frè ak sè yo.
Lè nou di endiferans, sonje ke sa vle di sò pep la pa gade yo: chomaj, mank lekol, lopital, grangou, pa gen kay, ensekirite, aksidan sou wout, nofraj yo, maspinay yo kay vwazen pa enterese dirijan nou yo tout kategori konfondi.
Kontrè ak endiferans, se lanmou nan sans pa Bondye a 'agape' , ki genyen ladann: anpati, sansiblite pou moun, enpotans li bay nou malgre anpil nan nou pa chache konnenl ni fè volontel, pasyans li pran ak nou e tout sot bonte li manifeste anvè nou lel mete tout kalite bon manje sa yo poun manje, plant medisinal yo, bel kote ak bel peyizaj ak bon tanperati ki fè lavi posib e agreab, etc.
Se yon lanmou konsa nou twouve nan peyi ki rich yo, kote Leta a panse ak preske tout kalite sèvis posib e imajinab pou rann lavi popilasyon yo, agreab pou viv e pou jwenn byenèt, espwa ak bonè ladann.
Pa gen sa nan lespri e nan kè Ayisyen frè nou yo, endiferans nou youn ak sò lot Ayisyen parey nou yo se youn nan prensipal koz malè nou. E sa se youn nan karakteristik nou genyen ke'n pov, rich ou lè nap dirije.
Nan lokazyon fèt drapo 2024 la, se moman pou'n swete yon Renesans nan lanmou agape a pou tout Ayisyen Pov, rich ou dirijan politik nou yo.
Jhonny Estor
Koodonatè Renesans Ayiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire