samedi 4 mai 2024

 LA PRÈS SISPANN KONSÈVE E RENOUVLE KADAV POLITISYEN YO NAN FIGI MOUN ATÒ

Bon apa se menm moun ki fin kraze peyi a yo, ou ki te asosye nan gouvènman ki mete peyi a kotel ye la, yap site nan preske tout laprès la pou al premye minis ou pou al fè pati gouvènman tranzisyon an?

Pa gen okenn medya ki denonse sa, epi se yo selman yap bay pale tout la jounen nan zorey moun?

Bon kilè jenerasyon pouri, santi du sa ap retire kò yo pou fè plas ak nouvo moun?

Mezanmi fok ta gen yon mouvman ki fet pou rele chal bare dèyè moun sa yo, ki kite sanwont dèyè. Pou di, li lè li tan poun fè kò'n fè S. Lage peyi a atò

Men se de medya ak anpil jounalis yo kap kenbe yo toujou nan figi nou.

Jounalis, patron medya fok nou manyen panse ak konsekans travay nap fè yo sou renouvle vagabon, koronpi ak enkonpetan nan tet peyi a, e ki rann li kraze konsa. Fok nou manyen panse sou responsablite nou lè nou pa deside aplike okenn sanksyon, sitou nan bay lapawol ak jan moun nap denonse la yo. 

Sa pa ka kontinye konsa, fok nou chanje fizi'n depol. Bay chans lapawol ak nouvo moun ki gen yon diskou ki pot vizyon, pwojè pou yon lot Ayiti pwospè, anpè e pi jis pou pitit li yo. 

Jhonny Estor

Pr. Renesans Ayiti



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...