New York 13 janvier 2026
Bonswa tout zanmi kamarad nou yo
Mwen sot patisipe nan yon zoom meeting ak yon gwoup nan dyaspora a sou pwochèn echeans 7 fevriye kap vini la kote KPT a bezwen kite pouvwa a.
Nan rankont sa entèvenan an tap pale sou tranzisyon demokratik la ki bezwen abouti, paske selon li nou pat janm rive nan yon rejim demokratik an Ayiti depi 1986 pou kounya
Mwen vin ap poze tèt mwen kesyon sou sa nou bezwen nan moman sa vre? Eske se yon gouvènman pwovizwa ou de tranzisyon?
Paske pou mwen nou ka pale de gouvènman tranzisyon lè nap sòti de yon rejim pou al nan yon lot. Tankou après 1986 nou tap sòti de yon rejim diktatoryal poun ale vè yon rejim demokratik.
Jacky : Kòrèk
Nou vini ak yon nouvel konstitisyon, eleksyon, rejim palemantè etc.
Willy Jean Louis: Tout à fait. Terme sa pa constitutionnel non plus. Se présidence provisoire, gouvernemen provisoire, vacance présidentielle, regime éphémère ki nan texte de loi yo.
Jhonny Estor: Men kounya si nou pap chanje rejim se eleksyon nou bezwen fè pou'n mete yon prezidan eli nan menm rejim lan eske se pa yon gouvènman pwovizwa moun yo ap chache?
Paske ti tan moun yo ap pwopoze yo ou kab wè pap gen tan pou fè lot bagay ke kreye kondisyon pou realize eleksyon.
Jacky Canada: Eske nan toulède ka yo se pa yon transfè ki fèt ant rejim ak rejim oubyen ant pouvwa ak pouvwa?
Jhonny Estor: Nan tranzisyon an se transfer yon rejim ak yon lòt. E nan pwovizwa a se pwoblem transmisyon, ou renouvelman pouvwa a ki poze.
Willy Jean Louis: Nou nan transition an toujou. Paske pou parlé de société/ regime démocratique, genyen des marqueurs pour analyse le niveau de progression sa, suite à yon insitutionnalisation.
Dans la pratique se sa. Men, sou plan théorique, genyen des types de démocratie. Alain Touraine dans qu'est ce que la démocratie passé en revue 7 types de démocratie...
Jhonny Estor: Sa vle di prezidan ki te la tonbe avan lè, ou pa rive realize eleksyon yo nan fen Mandal a tan.
Mwen panse nou nan yon rejim demokratik deja, men ki perturbé par main mise internationale la, e sektè mafya nan peyi a ki vle gen kontwol pwosesis elektoral yo
Pou mete moun pa yo pou defann enterè yo.
Alò kotem te vle rive aprè introduction sa, se montre aprè 1986 nou pat selman bezwen fè yon tranzisyon demokratik, men tou tranzisyon sosyo ekonomik la te bezekon adrese tou. Selon nou tranzisyon politik la patap janm ka konkretize nan yon anbyans kote ekonomi a efondre, e an menm tan popilasyon an ap deplase masivman soti nan kanpay yo pou rantre nan vil yo. Donk de (2) gran boulvesman ki patap manke gen gwo enpak sou jesyon politik, gouvènans peyi a.
Menm janm te wel nan liv mwen an (Haïti 1981 la Débâcle, septembre 2025, USA, On Amazon). 1981 systèm mono culture a te efondre e sa ta pwal pwovoke de grave perturbation nan yon pakèt nivo nan sosyete a: kom exode rural, inversion dans les activités commerciales plus d'importation en lieu et place de l'exportation, plus de dépendance a l'aide internationale etc.
Eske aprè 40 ans de balbutiement sa yo nou pa bezwen adrese kesyon transiyon socioeconomique la en plus a transition democratique la ki te komanse ki poko fin abouti net la?
E nan sans sa mwen wè si moun yo se yon tranzisyon yo bezwen fè, sa ta dwe pran plus tan.
E si se yon gouvènman pwovizwa yap chache son bagay diferan kap bezwen mwens tan.
Paske yap plede itilize konsèp gouvènman tranzisyon tout tan aloske nan pwopozisyon politik m tande kap fèt yo, lè wap swiv se yon gouvènman pwovizwa ou wè yap mande
Mwen panse anko pou nivo kriz structurelle la rive a, pwoblem lojman, destruction infrastructure, afeblisman Leta, mizè, etc. Yon pwopozisyon sou Tranzisyon sosyo ekonomik la nan sans Mouvman Renesans-Ayiti a tap trè bon
Jhonny ESTOR

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire