jeudi 3 septembre 2020

REFLEKSYON AK PWOPOZISYON NAN RENESANS SOU KESYON CHANJMAN KONSTITISYON AN.

Anpil moun ap mande chak jou pou chanje konstitisyon an, men kisa an patikilye yo ta renmen chanje ladann ki pou ta ede chanje sistèm nan, se yon lòt koze. M pa kwe yo two konnen!

Si nou ta dakò pou chanje konstitisyon an, fwa sa fòk ta gen gadfou, kritè klè pou sa ta fèt e enpoze yo ak moun ki ta gen pou al fèl yo e yo dwe respekte yo.

E kritè sa yo ta dwe dekoule direkteman de ki mòd sosyete nou vle kreye pou aprè depa Jovenel la e pou chanjman Sistèm nan.

Mwen panse konstitisyon 1987 la te fokis ou te soti nan objektif inik ki te chanje rejim politik avan an ki te favorize diktati a. E mete palman an anfas ekzekitif la, nan yon sousi pou fè fas kare avèl pou te fè yon ekilib ak li.

Men yo te neglije net yon plan pou ranfòse lajistis la an menm tan tou, ki tap rann ekilib la pi total. Sa se te yon gwo mank ki merite korije nan nouvo konstitisyon sa nap pale a.

Answit, toujou nan sousi pou te korije pwoblem rejim politik diktatoryal la, yo te neglije panse ak kijan pou restriktire sektè ekonomik peyi a andan konstitisyon sa pou ta libere net alkole ekonomi peyi, ki kontwole pa kelke fanmi. Bon sa se pat objektif yo menm. Men entegre eleman sa pwal make matirite nou pwal pran nan konprann sak fè pwoblèm yo nan peyi a.

Nou panse, aspè ekonomik la, restriktirasyon ou tou senpleman estriktirasyonl menm ta dwe yon eleman esansyel, ki ta dwe sèvi kòm youn nan kritè fondamantal yo pou pwojè Renesans Ayiti a, pou lòt peyi a. Kidonk, mete ladann de atik ki dwe korije klèman, e anpeche tout zafè franchiz dwanyè pou patikilye kap fè biznis nan peyi a, kont monopol yo, Kont privatizasyon de sektè ki dwe rete anba wòb Leta tankou: elektrisite, dlo, kontwol pò ak aeopò, transpò plizoumwen paske fòk leta rantre nan sektè sa tou pou reoganizel, e rann li pi sekiritè e mye fonksyonel, etc.

Eksperyans aktyel la montre fòk gen yon lwa, de dispozisyon ki pou anpeche nou retounen nan yon sitiasyon tankou sa nou ap viv la ak Jovenel. Kòm kwa, fòk ta gen yon lwa ki pèmet yo ka revoke manda yon prezidan baze sou mank rezilta, nivo koripsyon nan administrasyonl la, lèl ekatel de plan peyi a ta bay tet li pou devlopmanl pou 30 a 40 pwochèn ane yo.

Epi nou panse fòk konstitisyon sa ta jwenn yon fòmil ki jis pou entegre dyaspora nou yo nan lavi politik peyi a. Li ta dwe bazel sou nonm de fwa moun sa tap fè ale retou nan peyi a sou yon peryod de 3 a 5 an, Interè li genyen nan peyi a tankou kay, biznis, èv sosyal lap fè, kantite moun li konn ede, peye lekòl, etc. Depi manm nan dyaspora sa gen orijin Ayisyèn, sa vle di papal ou manmanl Ayisyen, kit li te fèt ou pa an Ayiti, li gen dwa jwe dwa politik li nan tout nivo, depil respekte kritè anwo yo.

Epi nou panse, fòk ta gen mezi poun redwi nonm Senatè, depite ak mè yo, nan redwi nonm depatman yo ak komin yo, ogmante kantite moun yo ki dwe fòme sikonskripsyon elektoral yo, etc.

Nou panse yon prezidan ta dwe kab fè 2 manda swivi menm jan ak USA, depil li efikas e ap bay rezilta. paske pa bliye gen yon mezi nou te deja anonse poun revoke mandal pa yon enstans evalyasyon kap anvizaje pou sa. Kap konpoze ak plizyè reprezantan nan lavi peyi a tankou reprezantan sektè politik, peyizan, sektè prive/biznis, sosyete sivil (konpoze ak dwa zimen, fanm, jèn), travayè, inivèsite ak jounalis emisyon politik yo kap swiv aktyalite politik yo chak jou. Evaliasyon sa dwe fèt chak ane.

Lwa pou kontwole jan responsab politik yo kab rekrite moun nan administrasyon piblik la, limite yo.

Epi kesyon iminite pou eli yo dwe limite anpil. Fòn ranfose lajistis la, lè nou met de lwa ki pwal pèmèt li ka rapouswiv kelke swa eli a: prezidan, senatè, depite, mè, etc. pou krim, koripsyon e lòt enfraksyon yo ta ka komèt avan, pandan e aprè peryòd ekzèsis fonksyon yo.

Men angwo pozisyon Mouvman Renesans la sou kesyon chanjman konstitisyon an, ki anfèt vle konsolide aki demokratik ki te fèt nan konstitisyon 1987 la e ranfòsel nan chache yon meyè ekilib nan bay lajistis plis pouvwa entèpelasyon sou eli yo, restriktire kad fonksyonman ekonomik peyi a, nan mete mezi pou anpeche monopol, franchiz dwanye pou biznis, pou entegre dyaspora a tout bon vre nan bon jan kondisyon, etc.

Jhonny ESTOR
Manm Fondatè mouvman RENESANS

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...