jeudi 3 septembre 2020

TI REFLEKSYON NAN RENESANS SOU PWOPOZISYON POU SE ON JIJ NAN KOU KASASYON KI POU TA RANPLASE JOVENEL.

N.B. Texte ecrit en 2019

Jhonny Estor: Nan koute emisyon yo jodi a, interet publick e Pi lwen pi fon, Sa m tap tande yo fem realize kem potko janm kesyone vrèman pwopozisyon Altènativ konsansyèl la fè pou se yon jij nan kou kasasyon an ki pou ta ranplase Jovenel lel tonbe.

Lè map konsidere konteks patikilye lit sa ak kalite revandikasyon li pote avel yo, ki diferan net ak peryod revandikasyon avan yo kote demand sosyal yo te limite selman ak mande chanje yon gouvènman e fè lot eleksyon aprèl selman, nou te wè sa an 1990 ak Pascal Trouillot, an 2004, etc.

Tankiske jodi a revandikasyon yo pa limite ak jete Jovenel e al òganize eleksyon nan delè ki pi pwoch la. Men yo beaucoup plis, kote nou jwenn demann pou realize pwosè petro karibe a, pran yon seri dispozisyon pou chanje sistèm nan apati de refòm serye, e bay repons ijan ak sitiasyon sosyo ekonomik malouk peyi a ap viv nan moman sa e aprè sa yo òganize eleksyon pou reprann yon fonksyonman demokratikman normal ankò.

Konsiderasyon sa yo fèm komanse wè chwa Jij kou kasasyon an soufri ak maladi tradisyonalis. M twouvel tradisyonel. selon mwen li ka reponn selman ak zafè preparasyon pou pwochèn eleksyon. Se pou sa yo te toujou mete yo, e se sa yo te toujou konn fè. M pè sa pa tounen yon senp refleks, yon abitid, yon tradisyon lakay yo ki ka fe yo santi gen yon nesesite pou swiv sa lot jij yo te fè avan, e tou senpleman tante selman pou ta leve defi pou al fè yon eleksyon petet ki ta pi bon ke pa Mme Trouillot a? E nan ka sa riske pa gen okenn enterè nan kesyon chanjman sistèm nan.

Fòk nou anfen, antan ke pèp, rive pran leson sa nan listwa resant nou yo, realize ke lè moun yo rive sou pouvwa li difisil poul pran dikte nan men moun ankò. Panse, menm lè moun nan pat gen zafè chanjman sistèm nan planl, nan refleks li, ke nap kab fasilman oblijel rantre nan yon bagay kel pat janm reve, panse avel, ke petet li pat menm vle menm, ke nap kapab fouyel nan bwa tèt li konsa, sitou yon Jij, sa on tijan nayif. Paske selon mwen, yon moun kote travay li te pandan tout karyè li sete etidye la lwa ak pwosedi ki te la deja yo e aplike yo, nan obsève e fè moun obsève yo, plis fasil poul yon konsèsèvatè ke yon revolisyonè. Sitou lè moun nan gentan rive nan senkantèn, li vrèman difisil pou se chanjman ki preokipel, ki enteresel. Se sak fè gran save yo toujou di ke" la jeunesse est revolutionaire et les personnes avancées en ages, sont généralement conservateurs".

Sa nou panse nou menm?

Jor Boisrond: Se vijilans popilasyon an ki pou anpéché moun sa, oubyen ekip moun sa yo ki pra l ranplase jovnel la pou l pa kontinyé ak menm modèl pouvwa tradisyonèl la. Ki donk fok nou toujou sonjé yo pa janm fè kado anyen nan zafè politik se nan batay ki byen òganize ke pèp revandikatif toujou genyen viktwa li.

Pou mwen nou poko wè anyen la, se aprè jovnel fin alé Nou pral wè vrè dimansyon gwo kriz sa. Se lè sa selman nou pral wè vrè vizaj anpil moun kap goumen pou chanjman nan peyi sa.

Jhonny Estor: Men konbat yon pouvwa pa janm fasil, ni eksperyans divalye, Aristide 2004 e Jovenel jodi a montre sa. Eske nou oblije al nan direksyon kote li preske sèten ke nou pwal bezwen nan batay la tou swit aprè a?

Jor Boisrond: Nou pa ta dwe oblije al nan direksyon pou Nou rekòmanse batay kou jovnel fenk fin tonbé. Men souvan réyalité sosyal ekonomik ak istorik anpil pèp kap batay pou yo jwenn libèté total montre nou ke yon batay gen anpil chemen difisil pou l fè pou l rive vrèman nan kafou final la. Donk sa mande anpil sajès anpil disciplin ak anpil anpil kouraj pou nou rive nan dènyé bout batay la.

Jhonny Estor: Nan sam tande maten an, reprezantan pasrel la tap fè konnen gen anpil lot gwoup politik yo tankou "men kontre, lavalas, rasanbleman kote chavane Jn Baptiste ladann lan, ki pa ta pou koze jij nan kou kasasyon an.

Se sak ta fè pata gen yon konsansis jeneral sou ki moun ki pou ta pran pouvwa a aprè Jovenel jiskounya.

Andeyò posiblite pou ta fè yon referandòm, nou kwè li ankò tan pou patriyòt nan altènativ konsansyèl yo ta fon ti reflechi ankò sou chwa yo fè pou se yon jij kou kasasyon ki pou vin ranplase Jovenel pa rapò ak kalite revandikasyon yo jounen jodi a. E konsidere tou nivo eksepsyonalite konteks sa pou pa al vle rete nan yon chwa selman paskel ta gen yon tradisyon ki mache avèl, yo te konn fèl konsa deja, pandan ke sakap fèt jounen jodi a konplètman diferan, nan revandikasyon yo.

Pou nou menm, chwa sa ta dwe chita sou de konsiderasyon : 1 li ta dwe pèsonalite kredib, onèt ; 2 li ta dwe fèt sou kalite pwopozisyon vizyon e pwogram pèsonalite sa vini avèk li pou kòlte ak gwo tonton defi kap tann dirijan kap vini yo aprè depa Jovenel.

Viv libète panse, viv sajès, Viv RENESANS Nasyon an!

Jhonny ESTOR
Manm Fondatè mouvman RENESANS

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...