Jhonny Estor: Sistèm lan son konsèp li ye, abòdel son aktivite entèlektyel, se pa tout moun ki entèlektyèl. E se a koz nati sa li genyen an ki fè chak moun kab abodel diferan fason, e bal diferan sans. Men nap raple tou ke defini yon konsep pa konn fèt san de eleman teorik.
Salomon Lysius: C'est avant tout, une vue d'esprit. C'est pas quelque chose plaqué ou exposé que l'on peut toucher. Il faut un effort d'abstraction pour le comprendre.
Mwen te fè yon ti echanj ak Willy sou Li sou yon lòt platfom. Map voyel pou Nou wè.
Jhonny Estor: Men twop moun ki pa eseye abodel ak yon apwoch tworik vin ap met anpil konfizyon nan bagay la. E se konsa ou vin jwenn menm Jovenel tou ap vin pale de sistèm.
Salomon Lysius: Sistem nan se yon gwo ansanm ki oganize. Se jan nou oganize ansanm lan ak tout sa ki ladanl e jan nou defini rapò yo. Andedan ansanm sa gen yon packèt lòt (sous- Systèmes ) ki gen rapo antre yo. ..e yo menm tou bò kote pa yo gen yon packèt elemen ki gen rapò entre yo. Bourdieu pale de chan. Kom : chan politik, chan ekonomik, chan atistik, chan relijye. .etc..men li di se chan politik la ki pou kontwole tout lòt yo. Si sa pa fèt, youn nan lòt yo ap pran kontwol ansanm nan e li pap mache byen. Lap pwovoke dezekilib sistem nan. Donk chanjman rejim pa chanjman sistem, men li Ka kontribye a chanje sistem nan.
Jhonny Estor: Ah ok, men pa bliye ke yon sistèm fonksyone pou yon bi, menm jan gen yon sistèm pou otomobil ki la pou pèmet li kouri, frennen, fè bak etc.
Donk, ou kab di tou se yon mòd aranjman diferan eleman nan yon gran ansanm done nan objektif pou pote tel resultat swete.
Salomon Lysius: Wi. .men nan ka sa rezilta se bon jan fonksyonman sosyete a pou byenèt tout moun.
Romain Pierre-Joseph: Depiw touche koze byenèt tout moun ou leve plim sou do kolon otoktòn yo. Pou klas peze souse a bien viv fòk gen moun kap mal
Jhonny Estor: Men se pat byen nèt pou tout moun li te ye kom objektif depi nan komansman nasyon an nan ka pa nou an. Men se te pito pou yon oligachi, de gwoup fanmi ki te byen plase nan moman endepandans la menm. Se nan sans sa yo pwal fe peyizan yo travay nan de kondisyon ki kenbe yo nan povrete pandan yon ti minorite ap jwi fwi travay peyizan sa yo. E yo sèvi ak fòs represiv leta a, lajistis, lame, yo pa met lekol pou yo, pou yo ka rete ap travay latè de jenerasyon an jenerasyon, san pou pa genyen okenn pwomosyon sosyal pou peyizan yo.
Willy: Nan tout peyi, pozisyon biwokrat pa pou chanje sistem. Li se konsèvatè e se sistem nan ki kenbe li anvi. Bureaucrate se langaj reforme li genyen. Or, tout reforme se yon chanjman partiel li ye- yon solisyon kosmetik.
Akte ki chanje sistem se tout moun ki genyen yon position e yon posture intellectuel. Intellectuel la genyen plis latitude pou poze pwoblem kolektivite e sa ki genyen rapo ak entere pa li. Edward Said defini intellectuel la comme celui qui tente de parler vrai au pouvoir.
Salomon Lysius: Wi. .se sa. Men map pale de fason global. Nan vre definisyon poltitik la.
Jhonny Estor: Se sak fè nan liv nou an "crise structurelle et exode rural", nou pwan ekzod riral la kom yon eleman destriktiran de sistèm lan, ki fè nou te di li te kraze a.
Salomon Lysius: Nou kapab di se te premis dekadans sistem nan.
Willy: Elimination paysannerie a tou, ki te mère nourricière pou li soti 98% du pib pou li desann à 25%.
Romain Pierre-Joseph: Lè nou analize konpleksite koze sa a, nou konprann se pa la a nou prale paske se yon pwason kraze nan bouyon wi....ti group kap telegide a yo fò nan tout sans. Menm moun kap réfléchi épi ki gen bon jan ladrès poko ka byen prezante yon bon plan pou demare. Renesans lan pou kòl pap ka pote bòn nouvèl la.
Willy: Fritz Jean nan liv la fin d'une histoire économique la ap eksplike vyolans economique sa. Leta te viv de rant peyizan yo. Destriksyon peyizanri a fe li vin viv de ONg. Finansman entenasyonal la ki enstab fe li vire sou dyaspora yo pa mwayen transfè lajan ki egal kounya ak bidje Leta Ayisyen soit près de$ 3 milliards us.
Salomon Lysius: Menmsi chanjman an pa global, ak ti Pa li ka rive fèt kanmenm.
Romain Pierre-Joseph: Franchman nou dwe gen kote o mwen nou ka boukante kèk panse ki byen chapante.
Jhonny Estor: Yeah, men se pa fò moun yo fò non, se pito pratik sosyal yo ki pa chanje fasil, se rezistans a chanjman an ki se yon fenomèn natirel kay moun ki fè sistem nan la toujou, men li pwan gwo kalòt mazenflen deja.
Salomon Lysius: Anpil pataswel. ...
Romain Pierre-Joseph: Men tou Willy Fòk nou di se pat yon travay ki te rive jodi pou demen paske gen anpil tantakil. Lè nou li liv " quand la nation demande des comptes" nou ka di se menm bagay yo ke menm l'État sa a nap pale a kap repwodwi
Willy: Fok nou gade koman kreye yon lot espas publik ki diferan platfom entelijan yo pou diskite. Platfom yo bon pou mobilisation men yo pa vreman bon pou fe debat si yo pa fenmen. Nan tout société post industrielle yo, se yon minorité ki ap panse oryantasyon li e pwograme rythm devlopman li. Grapyayisation an rive tout kote. Fok yo barré li pou li suspann sevi sistem la.
Romain Pierre-Joseph: Sistèm sa a ranje anpil moun anpil peyi....pa kwè nou ka manyenl konsa non. Rezistans ak chanjman se vre men tou pèp sa a......hmmm.
Salomon Lysius: Sam wè, toutotan chan politik la pa pran plas li ap toujou gen pwoblem. E fok Nou kontinye travay la pou gueri li oubyen retire l nan pèvèsyon egzajere a.
Jhonny Estor: Wi sa kreye anpil konfizyon nan tet moun yo. E de moun avize nan medya, radyo yo ou wè kap fè travay sa tou. Ki fè yo redwi chanje sistèm nan ak chanje rejim politik la chak jou nan medya yo. Sa pwal fè ke solisyon ki pwal pote sou baz sa, gen anpil chans poul pa chanje anyen nan anyen nan sistèm nan. Paske "Tout probleme mal pose n'aura pas de solution"; Ainsi que s'il est mal defini.
Jhonny Estor: Donk nou ka tire yon konklizyon ke se menm moun ki devan sèn yo, kap mennen lit la jodi a, ki pwal riske fèn pedi wout nou nan chimen chanjman an.
Jhonny Estor: Men chanje sistèm nan siyifi tou se fè ke objektif nouvo sa nou vle mete a, se pi bon lavi pou tout moun li vize e ranje fonksyonman enstitisyon piblik e sosyal yo yon fason pou pèmet nou rive nan bi sa.
Salomon
Lysius: Se sa kap desine la wi. Jovenel ap pale de gadyen sistem men li pa
konnen si limenm Li se chef sekirite oubyen premye gadyen ou ankò gadyen an
chef sistem nan. Paske nan ka sa yo, prensipal gadyen sistem nan se leta a
travè tout gwo pouvwa Li yo.
Absolument
Se free rider yo ye. Se pou Nou bat pou se yo ki nwaye nan revandikasyon Nou yo.
Jhonny: Yeah, se sa, Men li pap fasil.
Salomon Lysius: Wi Li pap fasil. Se sa Willy di a ki pou kenbe. Revolisyon pémanant la.
[10/27, 12:11 PM] Jhonny Estor: Eleman tradisyonel sa yo ak medya tradisyonel sa yo okipe preske tout espas piblikasyon lide yo yo enfliyanse pèp la pase nou.
Salomon Lysius: Chans Pa nou genyen kek kap inove ...e Nou gen rezo sosyal yo.
Jhonny Estor: Wii, menl pa sifizan, Sa pwal fè nou pedi anpil tan sou wout la
Salomon Lysius: Si se te pou medya sa yo, sistem nan patap menm souke. Paske vi yo te vin lye ak mentyen sistem nan.
Jhonny Estor: Wii se vre!
Willy: Wi, tout sistem genyen yon but. Se sa sosyolog fonksyonalist yo rele goal attainement la. Pou li rive a finalité sa, tout palier yo dwe tout ranpli fonksyon espesifik yo. Politik la se entegrasyon, sosyal la se adaptasyon , ekonomik a se repwodiksyon, kiltirel la se maintenance valè yo. Se lè tout fonksyon sa yo asire ki bay ekilib sistem la.
Donk refleksyon sou sistem nan se yon travay entelekyel. Ou bezwen majorité pou jwenn consensus sou bezwen chak kategori sosyal se vre. Au final, se yon minorité ki ap elabore, panse ak mete li en application.
Salomon Lysius: Pifò radyo ak televizyon se leta ki ba yo pi gwo piblisite. ..menm prive a, depi sou Martelly se palè nasyonal ki chwazi kimoun pou yo bay piblisite.
Jhonny Estor: Yes, se sa... Hmmm, anpil konplikasyon!
Salomon Lysius: Se yon pote boure a outrans ki te fèt pou asire yo. Malchans pou yo, se pote boure sa ki plen boutey la.
Jhonny Estor: Yeah, ou vle pale de Mateli ak PHTK, elit ekonomik la tou deyè yo.
Willy: Medya yo denonse impunité an menm tan yo benefisye li tou. Sosyete kapitalis la genyen kontwol medya yo sou kalite travay yo ap fe via information et éducation. Media kapitalis la defann sistem nan tou men li genyen limit li. Genyen censure. Censure se pa atake ni jounalist ni persécuté yon moun pou opinion. Se kontrent pou respekte déontologie a
Paske Medya yo genyen pouvwa. Pouvwa politik dwe genyen autorite sou yo comme pouvoir d'État.
Epi nan yon société capitaliste pa genyen media indépendant. Se yon euphémisme ki montre yo ap fe demagogie ak manipulation. Independant par rapport ak kisa e ak kiyes ? Si li vann sevis , kiyes ki kliyan li ? Li independant par rapport a sa ki an fas li a men li depann de sa ki fe li viv la.
A lire le texte de Michael Schudson, le pouvoir des médias.
Salomon Lysius: Bon lekti. Yo Pa janm endepandan. Yo ka fè sanblan endepandan. Imposture.
Jhonny Estor: Yeah, se vre. Men se rezo sosyal yap kritike, yap di kap bay manti. 🤣🤣😅😅
Willy: Rezo sosyal yo vini ak tou media sosyal li, paske yo jwe wol medias tradisyonel yo. Donk yo presque supplanté yo. E, medya yo se yon champ. D'après Bourdieu dans l'amour de l'art, tout champ se espas de conflit. Tout acteur yo ap batay pou étouffé lot yo pou yo pa rive jwe wol dominant ki bay akse ak privilej. Nan yon champ, hypocrisie, perfidie, jalousie ak ambition, se des comportements ki incontournables. Donk li pa ta janm lot jan!
Viv probite entelektyel ak libète pou panse!
VIV RENESANS NASYON AN!
Jhonny
ESTOR
Manm Fondatè Mouvman RENESANS
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire