jeudi 3 septembre 2020

KESYON EKONOMIK LA NAN PWOGRAM RENESANS LA, METOD SIPHON, VAZ KOMINIKAN PWAL PRENSIP DEBAZ APWOCH LI A

Aspe ekonomik la pa vreman devlope nan dokiman Pwogram  Renesans la, men li la an Souzantandi. Nou vle baw yon ti apesi sou vizyon nou genyen sou kesyon ekonomik la nan konteks grav Kriz peyi a ap travese a.

Siw te li ou swiv ti vidéo pwogram la deja, ou kapab wè apwoch nou pwopoze poun rezoud pwoblem ibanizasyon dezodone, non kontwole a ki ba nou devlopman rapid tout bidon vil sa yo, li sanble Ak metòd "siphon" an. se tib yo itilize lè yap fè eksperyans vaz kominikan yo.

Yo itilizel pou deplase Yon likid de Yon vaz a Yon lòt. Pa ekzanp, si ou ta bezwen transfere gaz nan tank yon machin pou metel nan Yon galon pouw metel nan yon delko, ou ka itilize Yon bout kawoutchou, ou fouye Yon pwent byen fon nan tank gaz la e Ak bouch ou rale gaz la monte, e lel komanse vini ou retirel nan bouch ou e fourel Nan galon an, jiskaskel plen, ou kanpel, lew retiré tib la nan tank gaz la.

Se an imaj Yon bagay konsa nou sanse imajine pou itilize pou rive jere grav pwoblem ibanizasyon an nan gran vil nou yo. Lè nou pwopoze vini Ak nouvel vil yo nan komin mwayen yo ki poko twò ibanize. Se pou nou ka rive fè transfè moun nan bidonvil yo vè nouvo vil sa yo, pou aprè nou kab transfome, reamenaje espas sa yo e Fè yo tounen answit de espas agreab, soi nan ansyen gran vil yo, ou, pou zòn nan mòn yo, an espas vèt, rebwaze, etc.

Metod siphon an bay avantaj, kote li pèmèt ou pa fè fas kare batay Ak moun yo, men few panse bay yo on altenativ, pouw ka rive fè transfomasyon kap nesesè yo pou retiré peyi a nan katastwof li ye a.

Paske apwoch mache sou moun yo direk la pouw vin kraze kay yo a, san altenativ la, ta soulve tout popilasyon sa yo kont pouvwa w la, menm lè ou ta gen tout bel entansyon posib, Yo tap dechoukew.

Epi nou paka fel tankou Lamothe te fel la, lel achte pil penti vin pentire ti kay moun yo nan bidonvil jalouzi sou tèt Petion ville. Anba bel penti sou po, soufrans Ak malsite yo rete tennfas andan kounouk yo.

RENESANS paka Al la. Paske se bon jan solisyon nap panse nou menm. Gen de apwoch nou tande de lidè pati politik ap pale la, se Yon bel kouch penti yo pwopoze voye sou grav anomali ki genyen nan kesyon ekonomik nan peyi a nou twouve yo ye.

Paske menm jan bidon vil yo kreye jan yo pat sipoze fèt, kote yo pat sipoze ye yo. Sa vlé di konstriksyon San bon materyo, san bon fè Ak siman e ki fèt Nan wout dlo, bò kanal, sou gwo pant ki riske deboule lè gen gwo lapli move tan, etc.

Se menm jan tou ekonomi nou an gen Yon bann anomali, Tankou: monopole yo, franchiz dwanye yo, pò privé yo, kontra anba tab Ak Leta San konsidere enterè peyi a Nan siyati yo, enpotasyon san kontwòl yo e Nan konkirans direk Ak pwodiksyon nasyonal la, etc.

Men, tankou nou paka kouri sou moun bidonvil yo Ak fos brital nou poun kraze kay yo paske yo mal konstwi, yo pat dwe janm la, etc. Se menm jan an tou nou panse'n paka kouri sou moun Nan sektè ekonomik la konsa tou, Ak tout fòs nou sou preteks se peyi nou pwal fè, se pou enterè peyi a, etc. San nou pa bay yo altènativ ki nesesè yo.

Alò se la koze a pi corsé, pi konplike, pi difisil e frajil. Paske li pa osi senp e fasil Nan kesyon ekonomik yo menm jan Ak kreye nouvel vil, atire moun bidonvil yo nan yo e transfome espas sa yo aprè.

Men se menm metod siphon an nou panse ki pou itilize nan ka moun sektè komesyal, boujwazi, ekonomik la jeneralman.

Kounya se twouve vers quoi les transféré économiquement poun fè yo kite de pratik e de sektè ekonomik kote yo ladan yo pou aprè transfome sektè sa yo, menm jan Ak bidon vil yo.

Pou nou pati nan pwogram RENESANS la ki prevwa vini Ak ferme Agro industrielle yo kab reprezante yon premye lieu de transfert. Men li pap sifi.

Se sak fè nou panse nan travay centrale industrielle d'ingénierie yo ap gen pou fè nan devlopman rejyon yo. Kote se yo ki pwal devlope simantri, mine carrière, et d'autres pou devlope enfrastrikti yo, konstwi nouvèl vil yo, etc. Men tou pou netwaye e reamenaje plaj Ak kot bò lanmè yo pou devlopman ekonomi touristik Ak pech la nan tout peyi a.

La ta dwe dezyem kote poun ta siphone yo an atandan gran transfomasyon ekonomik la fin fèt. Men tou nan nivo komesyal ap toujou rete de sektè ki pap touche, tankou: impotasyon Ak vann machine, computer, telefonik, e lot produits teknolojik ke nan Yon premye tan ki pap nesesè poun Al ladan yo poun soti Nan sa nou ye a Nan komansman pwogram Nan. San bliye ap toujou rete sektè bankè a.

Nou panse nan Kad sa RENESANS ap bezwen rasire tout moun e rive jwenn de akò ak diferan aktè ekonomik, politik e sosyal yo sou kote nou vlé mennen sosyete a e ki ap bon pou nou tout.

E apwoch nou an se pa chache atake direkteman okenn sektè, men se konsidere pozisyon yo pandan nap transfome sitiasyon an sou yo, avek yo e Nan avantaj yo tou demen lel fin transfome.

E se pwal menm apwòch la tou ki pwal nesesè sou plan politik lè nou ap pale depi kek tan sou nesesite Yon tranzisyon RENESANS avan nou ale nan eleksyon regilye yo, kote nou panse pou gen Yon peryod de reamenajman iben, ekonomik e politik ki dwe dire omwens 10 zan pou met peyi a sou Ray e retire'l nan katchouboumbe kotel twouvel la.

 

Viv RENESANS mouvman kap panse e ki ap pwopoze a.

Jhonny Estor

estor.johnny@gmail.com

Manm fondatè Mouvman RENESANS




 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...