Nou tap reflechi sou jenerasyon ki te fè 1986 la e ki te vin sou sèn politik la aprè depa Jean Claude Duvalier a.
Pou ilistre sa'n pwal di a nap pran ekzanp sa, tout bato ki pase nan yon dlo toujou kite vag dèyè'l. E nou twouve jenerasyon sa se bon vag pasaj pouvwa Duvalier a. Nan ki sans?
Mwen panse pasaj diktati 29 an divalye a pat kreye selman yon pasyon pou libète lapawòl ak demokrasi, men tou yon pasyon debòdan pou monte sou pouvwa politik la tou kay moun kite gen aspirasyon politik yo.
Yon pasyon ki telman fò, ki vin obsesyonel. Nan lespri al dèyè pran pouvwa sa yo te prive yo depi 29 an, yo deside pa nenpòt kijan e nenpòt ki mwayen pou pranl. E li pat menm nesesè pou yo te devlope yon pwojè ekonomik, sosyal pou pèp la vrèman. Li te sifi pou yo vin resite kèk pawòl selèb kèk lidè sosyalis nan mond lan, pou pete pèp la epi yap bon. Paske yap fè politik pou pran pouvwa a e sete tou. Konbyen fwa nou tande deklarasyon sa nan bouch mesye dam yo nan radyo, nan deba piblik yo elatriye? Gen yon pwojè, devlope yon vizyon koyeran sou koman pou ede rezoud pwoblem peyi a pat yon priyorite pou yo. E se sak fè nou obsève pandan tout peryod la, yon pil ak pakèt pati politik ki kreye, ki a kelke ti diferans, youn pa vo lòt, men youn telman toujou ap batay ak lòt, e pa kite plas pou lòt parèy yo, ki nan menm sektè a pase, fè ke se toujou moun ki pat nan pati politik ki rive pran pouvwa a nan men yo, nan preske tout eleksyon ki fèt nan peryod la.
E se pasyon pou pouvwa sa ki mete nou nan eta nou ye la, sak pi rèd la li la toujou, e si pa gen anyen ki fèt pou di mesye dam sa yo, après 33 zan, ki plis ke yon peryod jenerasyonel, yo pa regle anyen pou peyi a, li lè li tan pou yo komanse met kò yo sou kote pou yon lòt jenerasyon emèje.
Sa ki pi terib ak jenerasyon sa, nan estrateji pou kontinye rete devan bann koze politik peyi a, yo pran abitid pou ap kapte refleksyon, ak pwopozisyon ki sòti nan kouch jenerasyon sèn RENESANS la, entegre yo nan diskou yo pandan ke yap fè tout jan pou fè inyore yo, paske yo gen kontwol medya yo ak laprès la. Yap pran lide nan men yo pandan yap konbat yo.
Men, fòn konprann tou ke si pasaj Divalye a te kite vag li, yon tras ki make jenerasyon 86 la nan sans nou sot prezante anwo a, pasaj bato 33 zan kriz peyi a limenm kite vag pa li tou. Vag sa li menm, se yon pasyon pou rive leve defi rezoud gwo tonton kriz ke nou grandi ladann nan, pote solisyon pou long e pwofond kriz sistemik e estriktirel sa.
Si yo toujou karakterize denye jenerasyon sa yo, kòm jenerasyon dekole, ti sourit, zo blòd, kanson sou tèt dèyè, deprave, elatriye. Men nap atire atansyon tout moun sou ekzistans ti rès sèn nan jenerasyon sa. Kote malgre yo te kite lekol yo fin kraze, mete tout kondisyon pou yo tout te echwe, pa vo anyen, men gras a Dye, gen yon kantite ki rive prezève, ki fome otan ke yo, e petèt pibyen ke anpil ladan yo, e ki konn panse, reflechi pibyen tou ke anpil nan yo.
Sa son sijè sansib nou amòse la, ki pwal fe moun sezi, e petèt fache, men sanble siw pa pase yon bon kout bale nan kay la lap toujou rete sal, lap kontinye santi move.
Anfèt nou pa vle di ke jenerasyon 1986 la paka itil peyi a anyen ankò, okontrè gen anpil ladan yo ki gen yon ansanm eksperyans ak konpetans nan nivo administratif, diplomasi, dwa, etc. Nou kwè yap toujou kab trè itil, men li lè li tan pou itilite sa yo al sèvi bokou plis pou bakòp vizyon ak oryantasyon jenerasyon sèn kap monte a, tankou sak nan mouvman RENESANS la. Men nap fè remake tou gen de jèn jodi a, ki deja fè transfè tèt yo nan jenerasyon 86 la, lè yo gentan adopte tout pratik ak diskou moun sa yo. E se sak fè tou se kalite jèn sa yo ki bo kote moun sa yo devan sèn politik la. Menm jan ak yo, jèn sa yo dwe pran menm wout ak yo, e lese plas pou yon nouvo paradigm, vizyon ak diskou emèje.
Viv emèjans yon nouvel jenerasyon dirijan, yon nouvel rezon pou fè politik!
Viv RENESANS Nasyon an!
Jhonny Estor
Manm fondatè Mouvman RENESANS
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire