Gen yon bagay nou pwal met aksan sou li zanmi RENESANS yo. Nou pwal fè wè ke pwoch Preval la, aprè tranbleman d tè 2010 la te vin komanse ap pale de Refondasyon nan peyi a devan destriksyon preske total vil Potoprens. Poutan lè yo te jwenn pakèt lajan, plizyè milya nan CIRH la ak petro Karibe a yo te kraze kòb la, yo pat regle anyen pou relèv nasyon an, refondasyon an te flòch.
Mathurin 2: Eskize m, wi, se kisa nou rele " jenerasyon Preval la?
Jhonny Estor: Bon, ekip Preval yo ak anpil kolaboratè l yo nan monn politik la ak sosyete sivil la.
Jhonny Estor: Nou pwal fè yon dekantasyon ant lè moun ap pale de refondasyon ak lè nap pale de RENESANS. Poun montre si yo sanble men yo pa menm, se pa menm gwoup moun ki pote yo, se pa menm jenerasyon ki pote yo. Chak jenerasyon vini ak eritaj li, ak chaj li, ak pasif li.
Mathurin
2: Si nou vle potekole pou rekanpe a, se yon egzijans menm pou konsèp yo, mo n
ap itilize yo byen nan plas yo. Nou dwe mete rigè depi la a. Ekip ? Kolaboratè?
Gouvènman...,?
Koze a dwe pi klè. Pi presi.
Jhonny Estor: Si pase pa yo chaje ak twou nwa ladan, jenerasyon RENESANS la gen yon pase vyèj. E li pote anpil diferans, lòt valè ak yon vizyon nouvel pou relèv nasyon an.
Sa nou vle fè, se travay pou emèjans nouvo moun nan lavi politik la Sonson.
Mathurin 2: Sa pa wete nesesite presizyon an. Okontrè !
Jhonny Estor: Se sa nap fè menm wi Sonson. E nap fè limyè sou diskou ki soti pou mele tout moun ansanm nan, poun montre ke mo yo gen listwa yo ki marinen ak moun kap dil yo. Nou vle montre ke mo yo pran sans, e nuans yo selon moun ki potel yo a.
E anpil moun swa nan opozisyon ou nan sosyete sivil kap pale de refondasyon te gen okazyon deja pou te fèl, e yo te chwazi detounen mwayen sa yo pou satisfè pwojè anrichisman pèsonel yo.
Mathurin
2: E konsa mo, konsèp vini ekspresyon sibjektivite chak moun !
Li t ap twò fasil.
Antouka, se te yon remak san pretansyon. Kenbe la!
Jhonny Estor: E menm moun sa yo ap chache adapte yo a chak evolisyon moman yo, a chak etap nan lavi politik peyi a, pou se yo ki toujou la. Fòn jwenn yon mwayen poun diskrimine yo, poun montre kiles yo ye. Paske pa gen garanti pou chanjman peyi a ak yo.
Si yo te nan pozisyon pou yo te fel avan yo pat fel, yo te prefere jwi mwayen ki te mete a dispozisyon yo, sak ka fè jodi a ou demen yo pwal kab aji diferaman? Nan pwen sa nou pa kwè nan mirak chanjman britsoukou sa. Fòn denonse yo. E travay poun klere je moun nan peyi a sou yo. Menm le yo ta devan bann lit politik la jounen jodi a.
RENESANS pa REFONDASYON se pa men moun yo, yo.pa gen menm listwa.
Jhonny Estor: Se sak fè chwa vin ak konsep pa nou an, pawol pa nou an, te ekstreman estratejik. Poun kreye chimen pa nou.
Garry de Pamphile: Preval te vreman enpopilè nan fen mandal la epi tranbleman d tè a vin anterer misye net....Preval ak Ekip li tap eseye kenbe pouvwa a par le biais de son Dauphin Jude Celestin men malerezman Pou misye nou konnen kijan sa te fini...
Yes yo te resevwa lajan vre, men yo pat gen plan, yo pat gen projet serieux devan Gran defi ki te devan yo e ekip ki te vin monter apre yo pat gen VISION vre Pou zafe refonde nasyon an. Menm premiere pierre palais a pa exemple, pa janm pose.
Jhonny Estor: Nan jeneraston preval la, m we PHTK a tou wi, men yo pa two pale de refondasyon an yo menm, Petè nan komansman pouvwa Martely a. Men kounya se anpil moun nan laprès, nan sosyete sivil, ak nan opozisyon an kap pale de refondasyon an. Men tout, te swa nan pouvwa deja ou sou kote pouvwa ki te pase yo.
Fòn batay poun di yo, nou pap pran nan bouyon rechofe sa. Se moman pou yo komanse fon ti kanpe sou kote. Bay lot moun ak lot enspirasyon, wout pou yo pase
Dans toutes societé quand la déraison devient loi, la raison doit s'imposer!!
Garry de
Pamphile: Tout Yap pale de refondasyon an sa toujou rete Nan cadre slogan, pa
gen okenn proposition ekri vre ki la. Par exemple, dat opposition an goumin jouk Kounia yo poko Kab setup anyen. Yo
te gen assez tan devan yo pou yo te gentan finalize tout bagay net avan madam
Craft te debake, men se pa sa yo fè. Se kounia ou tande commission an ap travay
Sou kritè pou chwazi moun ki pral dirige transition an
Bagay sa te dwe fet e fini lontam deja.
Jhonny Estor: Bon sa yo se manèv yo ye, yo lwen pou yo on vizyon pou yon tranzisyon relèv peyi a.
Malheureusement l'immediateté a toujours pris le pas sur l'essentiel, le structurel dans ce pays.
Garry de Pamphile: Voila
Jhonny Estor: Pour dire que dans ce contexte nous avons besoin beaucoup plus que des critères de choix des prochains dirigeants.
Jhonny Estor
Manm Fondatè Mouvman RENESANS.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire