mardi 6 octobre 2020

REFLEKSYON NAN RENESANS SOU POZISYON REPREZANTAN SEKTÈ DEMOKRATIK LA NAN RAMASE SAMDI 3 OKTOB LA.

Mwen pa konnen si gen nan nou ki tap swiv Ramase yè Samdi 3 oktob la? 

Sak te atire atansyonm se te pozisyon reprezantan sektè DEMOKRATIK la (Schiller Louisdor) ki tap plede di ke opozisyon an gen yon plan. Koupe lòt moun lapawol poul kab pale de plan an.

E lè li pran Pou eksplike plan an, li di se fè pwosè yo, epi fè konferans nasyonal la ki pwal bay ki oryantasyon yo pwal pran ak peyi a.

Nan yon refleksyon de premier degré ou te ka kouri di li bon. Men lew ale pi fòn, fow ta komanse mande tet ou sou ki gouvènman sa pwal fèt? Sa vlé di kijan de pouvwa ki pwal pèmèt yo ka fè sa yo di a? 

Se yon bagay évidan nan lojik yo a, fòk Jovenel pâta la ankò, fol ta tonbe sou pouvwa a. Paske jan lap kite pouvwa a, pwal desizif sou ki jan de pouvwa ki pwal ranplasel. 

Sa vlé di, pwosesis pou ranplasel la ta dwe desizif nan plan sa. E se Youn nan eleman esansyel ke peyi a ap tann nan moman an ki pa la, yo pa dil, yo pa fè okenn pwopozisyon nan sans sa, alos ke pou nou se li ki tap kab ede rezoud Kriz aktyèl la.

Menm lè yo pa an mezi pou ta Di kiles lap ye, men pwopozisyon sou prensip ki ta dwe adopte pou fè chwa a ta dwe deja kab fòmile. Sitou lè nap konsidere ke tout dispozisyon ki prevwa nan konstitisyon amande a paka aplike nan konjonkti aktyèl la (premye minis la defakto, pa gen palman,) donk se Yon negosiasyon politik sel ki kab fè yo tonbe dakò sou PRENSIP e ansanm kritè ki dwe gide nan pwosesis pou fè chwa de prezidan tranzisyon an.

E yon lot eleman ki enpotan pou konsidere nan konjonkti a, se enkapasite teknik ki genyen pou fè eleksyon yo nan moman an, akoz ke baz de données elektè yo pa ekziste ankò, e gen nesesite pou chanje nèt sistèm demalòg la, ou etidyel byen pou wè koman yo ka rann li fyab san PHTK. Sa pwal genyen nesesèman yon enpak sou dire ke tranzisyon sa sipoze pran.

Se tout mank sa yo lè nap koute mesye yo ki fè nou tris e realize jan nou lwen poun sòti nan sa nou ye a. 

Tout fwa nap espere ke ti refleksyon sa kap ede yo realize mank yo, e sa yo ta sipoze fè poun avanse ak rezolisyon Problem koman pou ranplase Jovenel la. 

RENESANS vlé yon Limyè kap klere byen klè tout fè nwa ki tonbe sou nasyon an. 


Jhonny ESTOR

Coordonnateur général 

mouvement RENAISSANCE




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...