jeudi 28 janvier 2021

TI REFLEKSYON NAN RENESANS SOU KONPLIKASYON POU RIVE FÈ TRANZISYON RIPTI A PASKE NOU PAT RIVE FÈ JOVENEL PATI AVAN FEN MANDAL LA


Se nan Emisyon mwen konn patisipe nan KPN, espas dyaspora a, ke'm komanse realize jan gen yon gwo konfizyon kay aktè politik yo nan opozisyon an ant yon tranzisyon politik pou Al fè eleksyon e tranzisyon de rupture yo konn ap pale a. Yap Di tranzisyon RIPTI nan bouch, pandan mizanplas yap fè yo se pou tranzisyon tradisyonel kap vin fè eleksyon selman yap prépare.

Mwen fini pa realize paske yo pat rive voye Jovenel ale avan fen mandal la vin konplike posiblite pou ta fè tranzisyon de rupture a.

Kounya li vin ekstreman difisil pou fè konprann nan Yon gwoup kap travay sou pwogram ak dire pou tranzisyon an pou dire a ta dépase 2 zan. E pou prezidan tranzisyon sa pa ka sòti ni nan aparey jistis la e mwens ankò nan paleman an.

E paske tout konplikasyon sa yo, Mwen Santi li plis pwobab poun rate tranzisyon de rupture a e rate tou pwojet pou kraze sistèm tradisyonel la pou ranplasel pa Yon lòt.

Nous sommes une fois de plus entrain de passer à côté des objectifs de la lutte populaire débutée en 2018. Et c'est dommage.

Pa ekzanp, yè nan Emisyon an nou tap Diskite sou 3 grandes orientations ki pwopoze jiska prezan pou tranzisyon an, kise: posiblite pou prezidan an sòti nan kou kasasyon; nan paleman an; ou ankò Yon gouvènman de salut public ki tap sòti nan sosyete sivil la.

Sou panel la nou tout te tonbe dakò ke si se tranzisyon de rupture nou vle fè, meyè opsyon an se tap 3èm l'an, sali piblik la. Pou jan nap gad eta disfonksyonman e koripsyon ki genyen nan paleman an ak lajistis la. Kote tou de se konplis pouvwa phtk anplas la. Yo pa janm denonse vreman tout vyolasyon dwa Moun ak konstitisyon an ki fèt yo pa pouvwa sa. E nan sa nou wè kap pwofile la, gen Yon tandans majoritè pou pouvwa a ta ale nan Youn ladan yo.

Si sa fèt nou met tout Di adye ak pwojè chanje sistèm la e preske tou pou pwosè petro karibe a ta rive fèt.

Une fois de plus nous sommes entrain de rater les objectifs des dernières luttes populaires, parce que nous avons raté le momentum. Tout serait possible si le peuple avait pu évincer Jovenel Moise en 2018 ou 2019. Maintenant, il va être extrêmement difficile d'y parvenir, cependant rien impossible, pourvue qu' on se ressaisisse a tant.


Jhonny Estor

Pour Renaissance

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...