Nan emisyon espas dyaspora mekredi 5 Me a sou tèm "demokrasi e pouvwa politik" Mwen ta renmen fè yon ti rezime pou nou sou tèz nou te devlope ladann, paske nou kwè li ka gen yon sètèn itilite.
Lòt zanmi nan emisyon yo tankou Mèt Demas, ansyen Minis afè sosyal la Roosevelt Bellevue, te fè bel rapel sou definisyon konsep demokrasi a, pouvwa ke pèp la bay pou byenèt li anretou, etc.
Nou pa pwal étalé definisyon yo, nap ale vit poun prezante nou sou kisa entèvansyon nou an te chita.
Nou te eseye eksplike ke demokrasi a vin apati long Eksperyans limanite fè ak jan Moun konpòte yo sou pouvwa, e sa yo konn sibi deja nan men yo lè yo rive tonbe anba Moun deregle, fou, koronpi, sanginè,...
Move pasaj sa yo vin montre pèp yo ke Moun sou pouvwa se Yon bagay ki ka danjere anpil, ki ka gen grav konsekans. Yo vin konprann fòk yo rive mete sou pye Yon ansanm teori, sistem enstitisyonel e politik pou rive kontwole, e limite pouvwa a nan men yon Moun.
Nou pwal wè Thomas Hobbes an Angletè prezante Leta, Mwen ta di ekzesis pouvwa a tankou Yon gwo tonton bet sovaj nan lanmè, kew jwenn nan bib la tou ki rele 'Léviathan'.
E Montesquieu an France limenm pwal vini ak Theorie des lois, e yon teori sou nesesite pou divize pouvwa a an twa gwo branche : Jidisyè, ekzekitif e lejislatif. E li Di se pou pouvwa sa yo kontwole youn lot: "Le pouvoir arête le pouvoir"
Limanite, Moun eklere vin konprann se regleman ak aplikasyon la lwa ki ka garanti bonè, sekirite, libète ak epanouyisman pèp yo.
E fok règ ak lwa sa yo aplike ak tout Moun, ke Moun nan sosyete sivil yo, ke dirijan yo kap dirije peyi an.
Donk yo vin ak yon sistem kote gen yon enstans kap pwodwi lwa yo (lejislatif) la, Youn kap ekzekite e ap dirije peyi a (ekzekitif) la, e Jidisyè a kap veye aske tout Moun obsève e respekte lwa yo. Tout Moun: senp Moun, kou palmantè, minis, prézidan, menm Rwa ak Rèn. Pa gen eksepsyon ladann.
E pou sistem sa ka byen fonksyone yo panse a mete sou pye tout Yon seri lòt enstitisyon nan sosyete sivil la ki pou prepare Moun yo, sitwayen yo, pou yo entegre ansanm valè, konesans, jwenn bon jan preparasyon pou yo ka rive fè sistem sa fonksyone.
Se travay sistem edikatif la, lekòl yo ki dwe Genyen andan'l plizyè eleman ideolojik e konesans sou byen fonde enstitisyon yo ki pou prepare fiti dirijan yo pou sa.
Donk nou te eseye montre ke demokrasi a se Yon sistem politik ki genyen pou reyel objektif, ki se limite pouvwa a dans le temps, e limitel tou nan etandil, nan kapasite Yon sel chef ka rive genyen anba sel ponyèt li.
Pou nou se sistem politik ki pi avanse limanite rive envante. Men kòm tout zèv Moun fè li pa pafèt nan limenm. Paske li "tributaire", li depann de lòt faktè poul rive byen fonksyone.
Nou wè li depann de demografi a e ak evolisyon teknoloji yo. Paske chak fwa Youn nan bagay sa yo evolye, sa pwal kreye Yon nesesite adaptasyon tou nan sistem électoral la, ki se enstriman pou rive distribiye pouvwa a peryodikman.
Paske pouvwa se Yon fenomèn ki toujou enterese tout moun bon e move Moun. Move Moun ap Panse e travay sou kòman yo ka rive vòlè pouvwa a, San yo pa bezwen popilè pou sa. Donk, yap chache itilize de teknik e teknoloji pou twonpe vijilans responsab enstans elektoral la.
Kifè ke moun yo ki pou fè sistem sa byen fonksyone, bezwen tout tan AP travay, pou fè antisipasyon sou tout risk posib, ou teknoloji ki ka fè de patikilye rive twonpe yo nan kad Yon eleksyon. E vòlè pouvwa a nan men pèp la.
Se toujou Yon batay e yon lit San fen li vin tounen pou garanti entegrite ak fyabilite eleksyon yo. Jan moun yo ap vin prezide ou dirije Yon peyi.
Nan Emisyon sa nou te montre pou demokrasi Ayisyèn la fòtifye, nou bezwen panse a entegre nan pwogram edikatif nou yo de eleman (valè, konesans sou enstitisyon demoratik yo, byen fondé yo, etc.) depi primè jis nan Inivèsite pou prepare fiti dirijan yo pou yo ka pi fasil aplike e defann yo.
Epi fòk nou ta rive mete sou pye Yon entans elektoral estab, pèmanan, endepandan ki pou non selman AP prepare eleksyon yo, men tou AP travay kontinyelman sou teknik pou rann pi fyab, pi entèg fiti eleksyon yap genyen pou realize yo.
Se de bagay konsa tou ke RENESANS ta byen renmen fè s'il ta rive sou pouvwa en AYITI.
Jhonny Estor
CGR.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire