samedi 8 mai 2021

TANTATIV EKSPLIKASYON SOSYOLOJIK SOU DIFIKILTE NOU OBSEVE NAN APLIKASYON KONSTITISYON 1987 LA.


Salut à tous

Yè nan Emisyon espas dyaspora a nan yon pati  ladann nou tap pale de konstitisyon an pa rapò ak pwojè referandom Jovenel la.

Mwen tap mande tèt mwen Sak ka ekpliske difikilte ki genyen an Ayiti pou dirijan yo respekte e aplike konstitisyon 87 la. Kesyon poun te ale au-delà/pi lwen ke Jovenel Moïse.

Mwen te rive ak Yon eksplikasyon, ki se petet Yon tèz ki ta merite apwofondi ak plis etid sosyolojik.

Ki tèz li te ye?

Mwen te rive wè plizyè bagay ki fè pwoblem. Tankou feb nivo estriktirasyon e Devlopman pâti politik yo nan peyi a, se yon premye.

Li fè souvan pati ki rive bay yon prezidan, trè rarman yo rive gen majorite nan palman an. E pou yo rive genyenl, li vin fasil pou prezidan an tonbe nan Yon bann estrajem, ki lye souvan ak koronpi yon seri palmantè poul ka rive fè pase premye minis li, bidjè l e lot pwojè lwa li ta genyen, etc. si se pa pa fòs li chache enpoze yo.

Pa rive genyen de pati politik estriktire, ki kouvri tout depatman yo, ou tout teritwa a, pou asire gen Yon majorité nan palman an, se Yon premye kondisyon ki fè defo nan kapasite peyi a pou aplike konstitisyon 87 la.

Dezyem pwoblem, ke premye a te ka eksplike an pati, men nou ta vle kanmenm souliye li, se jan lidè politik nou yo fè politik san yo pa janm rive eksplisite klèman pwojè politik yo.

Li pi fasil pou yo reklame yo de Yon kouran ideolojik e/ou politik (goch, dwat, sosyalis, sosyal demokrat, etc.) Ke yo di klèman vizyon yo sou kijan yo wè devlopman peyi a, Pwogram yo pwal swiv vre pou dirije li si yo ta rive pran pouvwa a.

Sa vin fè popilasyon an ak sosyete sivil la pa konnen ki kote pou yo kanpe ak yo, ki pwojè yo pou peyi a vre, ki entansyon yo ak peyi a, etc. Si peyi a te konnen pwojè yo a, e si yo te rive konvenk Yon bon kantite Moun sou li, e si se te sou baz sa yo te rive sou pouvwa a, sa te ka fè gen plis konsansis e akseptasyon pou li lel rive sou pouvwa a. Sa te ka fasilite administrasyonl la, aplani difikilte yo devan rejim li a.

Men paske, se pa selman yon pwoblem prezantasyon eksplisit pwogram yo ki genyen, men se an realite yo pa gen yon vizyon detaye sou oryantasyon ki ta pi bon pou yo bay peyi a, trè souvan ou wè yap tatone nan premye moman yo. Yo pa gen ekip vre ou dimwens menm Moun ki patizan yo pa konnen ki politik yo pwal aplike. Sa ki vin fè yon kakofoni, Yon konfizyon nan mitan yo o komansman rejim yo a e sa pa ede yo dirije peyi a e konvenk lot Moun ki anfas yo, tankou palmantè yo.

Konpromi, ou konpromisyon yo vin oblije fè yo  vin deraye pouvwa a nan men yo, e yo tonbe nan koripsyon ak palman an, sektè prive a (ki trè souvan vin pote lajan pou ede yo achte palmantè, etc.) E pouvwa a vin chape nan men yo. Yo tonbe nan sa yo te ka rele " sèk visye koripsyon an". Si yo pa pran chemen sa, yo konn vin tonbe nan Yon "bras de fer" ak Yon pâti nan palmantè yo, e pâti politik advès yo, sa pwal kreye premye opozan yo ak pouvwa l la.

Konstitisyon 87 la lè nap gade byen, li ekzije Yon ansanm, sa nou te ka rele "pré-requis structurels et un certain niveau avancé de conceptualisation des projets politiques sur le développement d'Haïti par les acteurs politiques" pou li ka rive respekte e aplike vreman an Ayiti.

Men Jovenel li menm se plis libète pou eskanmòte kès Leta li bezwen li menm nan pwojè referandom li a, ka pal la pi grav. 

Donk, se tèz a karatè sosyolojik sa nou kòmanse devlope sou difikilte nou toujou obseve sou tout gouvènman yo nan aplikasyon konstitisyon 87 la, Ki bien entendu mande apwofondi.

Viv gwo efò refleksyon sa yo kap fèt sou platfom Renesans la, Ayiti pap péri. 

La Renaissance est pour bientôt !

Jhonny Estor

CGR

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...