dimanche 14 novembre 2021

LE MIRACLE HAITIEN EST ÉGALEMENT POSSIBLE!


Pou Nou nan Mouvman RENESANS AYITI Sekrè Devlopman an se kreye ou devlope kapasite pouw konstwi, pouw bati alafwa infrastrikti AK batiman yo. Pou sa Yon peyi bezwen fòme enjenyè AK bòs mason nan tout domèn yo, devlope Yon endistri enjeneri e imobilye (ki genyen ladann: laboratwa enjeneri, simantri, asyeri, tretman e preparasyon sab yo, etc.) epi envestisman lajan pou peye kad, teknisyen AK ouvriye yo.
Depi yon peyi kab fè preparasyon pou sa e fèl tounen yon veritab politik piblik, pa gen devlopman li pap fè, e nan yon ti bout tan.
Devlopman La chine, Ouwanda ak lòt yo montre sa trè klè.
Se nan yon ti bout tan yo rive fè sak ta sanble yon mirak.
Se lide sa yo nou te al defann nan konferans entènasyonal ki te fèt nan wikenn 13 e 14 novanm la e se sou bit sa moun Institut Schiller AK mouvman LaRouche yo kanpe tou.
Mwen di nan kèm:
quelle fabuleuse coïncidence ?
Epim di ankò: Le miracle Haïtien est également possible !
Jhonny
Mouvman Renesans AYITI



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...