Nou rive nan yon pwen, nou panse sel jan pou'n rezoud pwoblem ensekirite a Fòk li tou fèt ak aplikasyon yon Pwojè rekonstriksyon peyi a pou'n tou ka anboche anpil nan solda ki nan gang yo, ba yo fòmasyon nan metye konstriksyon yo e ba yo travay nan sa kap gen pou fèt yo, pou redwi kantite ganstè fòs Polis la ap gen poul konbat yo. Men pou'n rive la fòk gen yon chanjman gouvènman paske moun ki dèyè ensekirite a (PHTK e kek sekte nan entenasyonal la) toujou gen kontwol pouvwa a e dèyè do Ariel Henry.
Nou panse apwòch kote moun yo ap mande Cha, elikoptè, plis zam ak yon lame ki pou vin tire devan dèyè sou Moun nan katye popilè, kote gang yo ye yo, pwal antagonize sitiasyon an plis toujou. lè anpil inosan kòmanse mouri, Leta pwal parèt pi iresponsab, pi ilejitim nan je mas yo plis toujou. Sa pwal antrene peyi a nan yon espiral vyolans san parey e abouti ak anpil chans ak yon veritab jenosid nan peyi a.
Paske li pap fasil jan anpil moun pansel la ak apwòch fòs la selman lè nap konsidere nivo ameman an rive a e menm antrènman anpil nan gang sa yo resevwa deja nan men de ansyen polisye tankou Barbecue, depòte, etc.
San yon veritab òf altenativ valab a jèn sa yo nou pwal tonbe nan yon pi gwo katyouboumbe Toujou, Se sa'n wè nan lekti pa Nou de sitiyasyon ensekirite a. Si se sel apwòch lame a moun yo vle adopte san réfléchi.
Men tou fo'n wè ke PHTK fò anpil nan kominikasyon. Yo fè yon glisman sou dosye ensekirite a anraje net. Yo fè yon jan ak medya e direktè opinyon yo kontwole yo, pou fè konnen ke pwoblem ensekirite a vini paske pa gen lame nan peyi a se Lavalas ki responsab sa paskem te krazel an 1994. Aloske an realite se yo menm kap armé gang yo nan peyi e netralize lapolis AK lajistis pou pa janm gen yon nomalizasyon nan sitiyasyon peyi a ki ka mennen a pwosè sou dilapidasyon Kòb petro karibe a e lòt anpil krim yo komèt nan peyi a pandan dis dènye ane sa yo. Donk yo gangrene peyi a, lagel nan men bandi nèt jis pou yo sove tèt yo pou yo pa jije.
E anpil moun poutan fòme e ki temwen sou jan evènman yo deroule nan peyi a AP reprann koze zafè absans lame sa san reflechi, San fè atansyon sou nuance yo.
Mezanmi ann resezi nou gade bagay yo ak je entelijans nou pou Nou ka sove peyi a, paske pap gen salut pou li si Nou pa fè efò pou'n rete nan laverite.
Il n'y aura pas de Renaissance pour Haïti dans le faux, la compréhension incorrecte de la situation. Restons dans le vrai pour avoir une chance de restauration !
Jhonny Estor
Pour Renaissance Haïti
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire