jeudi 18 novembre 2021

VÈTYÈ: YON LISTWA BATAY LOKSIDAN TOUYE



Batay vètyenè 18 novanb 1803   la se yon batay final ki konsakre HEROISME solda lame endijen yo ak deteminasyon pep ayisyen an pou jwenn LIBÈTE e monte yon LETA  tou nef, lib ,endepandan. Sepandan, pandan 150 lane istwa peyi d'Ayiti, pa te genyen okenn vesyon ofisyel nan liv istwa, kit se lafrans kit se an Ayiti ki te pale dewoulman batay sa. Se sa istoryen yo rele nan lang franse " OCCULTATION ". Tankou yon filozof ekri " la mort du récit,  VENKE  ak VENKI mete tet ansanm pou asasine memwa ak listwa.

Poukisa travay " occultation " sa fèt nan literati ofisyèl ki ekri sou listwa peyi Dayiti ? Paske listwa Dayiti kache e moun ki ekri listwa yo pa difize enfòmasyon sou sa. Se gras ak " RECHERCHE HISTORIOGRAPHIQUE nou rive dekouvri chak jou ti moso sou gwo resi batay sa ki pa genyen konparezon nan listwa limanite.

Pou nou reponn ak kesyon depa sa a, nou ap relate 7 verite sou"  Recit Vertieres " la anpil nan nou inyore.

1. Batay vetye se yon batay plizye manch

Listwa denye batay pou mennen ak lendepandans la komanse depi lane 1790 pou fini nan mwa novanm 1803. Batay  ki dewoule  Vetye a se batay final la e ki genyen anpil bel moman pou nou siyale : 

- soulevman mas esklav yon nan mwa dawout 1791

- Dekre afranchisman jeneral esklav nan tout koloni Lafrans yo  nan lane 1793

- Depa blan ak kek afranchi soti 1793- 1795 

- Monte grad Tousen kom jeneral an chef lame endijen nan 

- Ekriti premye konstitisyon nwa Tousen an nan lane 1801

-Arestasyon ak prizon Tousen nan peyi Lafrans 1801- avril 1803 

- kongrè Akayè  nan mwa me 1803 pou jwenn linite nan batay pou lendepandans la

Donk vètyè se yon batay final aprè tout defèt lame endijèn la te konnen tankou defet La crête à Pierrot a. Se sa istoryen yo rele yon " GUERRE DE TRANCHEE   ki dire plizyè lane e ki genyen plizye manch ladan li. Sa ki fet vetye a se li ki denye a e ki konkli 3 viktwa sou lame fransez la depi"  Ravine à couleuvre,  pase pa butte charrier rive sou vètyè. Donk batay vètyè genyen faz e li genyen anpil antesedan ki kondwi ak li.

2. Batay vètyè se zèv solda Lame endijèn ak chef band yo

Lame endijen la monte ak ansyen esklav ki se kreyol ak milat ki mete tet yo ansanm pou goumen kont Lame Napoleon an ki te vini pou retabli lesklavaj nan Sen domeng. Lame indijen nan te genyen ant 25,000 a 30,000 gason ak fanm. Ladan yo te genyen ansyen chef band yo ki se bosal, sa vle di ki te fet lafrik e ki tap viv nan koloni a kom esklav. Lame sa pa te genyen gwo asnal men yo te konnen goumen e konnen ki kote pou yo plase yo, le pou yo atake e le pou yo repliye. Se sa yo rele nan " art militaire" STRATEGIE ak TACTIQUE . Yo te genyen pou yo batay ak lame ki pi byen ekipe nan epok la ki se lame Napoleon an ki te voye Sendomeng 70,000 gason nan twoup pou mwen site Leslie Pean nan yon atik li ekri sou batay Vètyè.

Men premye istoryen nou yo pa janm mansyone chef band yo ak fanm ki te ame avek pik, kouto, woch, ki resevwa boulet ak men , aksyone  cha/ kanon  yo pou ban nou epope sa.

3. Batay vètyè se po gwo defèt pou Napoleon.

Apre arestasyon Toussaint Louverture, se Dessalines ki monte ak grad jeneral pou ranplase li. Desalin defini yon estrateji pou atake franse yo nan fom yon triyang ki pote rezilta. Desalin rete yon jeni milite aloske listwa ofisyel venere Tousen e prezante misye kom yon sovaj, yon kanibal. Si nou pran la butte charrier a ki plase li sou tet okap, li genyen yon sel rantre. Depi ou pote fal ou wap tonbe. Se la Capoix La Mort pral montre franse yo ki bwa li chofe. Nan yon sel matin pou rive 10e , plis pase 5,000 solda franse tonbe. Se ratibwazay sa ki pral fe Rochambeau repliye pou pran direksyon Vetye ki yon distans 5 km ak Barye boutey nan antre vil okap ki te genyen nan tet li jean Philippe Daut ak Gabart. Se la denye solda franse yo pral bese paviyon anba lapli ak labou marekaj. Bilan batay la lou. Lame endijen pedi solda tou ak sa yo rele" Va nu pieds " kote pi gwo zam yo se te deteminasyon yo. Men, defet la te nan kan lenmi an ki pedi 50,000 solda sou 70,000 li te voye yo pou mwen  reprann Ekonomis Leslie Pean. Defet sa pa genyen parey e Lafrans deside kache sa pou posterite li a pa konnen.  Yon istoryen franse ki rele Lucien Fevbre ekri " l'histoire, c'est l'enseignement des grands hommes aux hommes". Donk defet sa two led pou li anseye ti franse yo e pou lemond konnen. 

4. Konsekans ak enpak  batay vètyè genyen 

Batay vètyè genyen anpil konsekans pou Lafrans patikilyeman. Nou kapab site 4 sa yo :

a. Lafrans pedi anpil solda ki mouri nan fyev jon ak sila yo ki tonbe sou chan batay. Le Rochambeau we sa, li oblije voye yon let bay jeneral Desalin pou mande li yon trev e sesi ki te ale jiska 10 jou pou deside. Dat sa a tonbe 29 novanb 1803 kote li deklare li pedi e bay viktwa a ak lame endijen nan.

Malerezman, pou istoryen Pierre Buteau dokiman sa a rete yon teks apokrif paske yo pa jwenn li. Genyen soupson sou li ki di li nan peyi Langlete e yon inivesite nan peyi Etazini ta genyen yon kopi. Yo genyen konesans sa ki pase a se vre, men dokiman an pa disponib.

b.Lafrans pedi koloni ki te pi rich la kise Sen Domeng ki te pwodui yon tye (1/3) nan sik tout koloni yo nan komes etranje. Devan lanmo solda ki fe mikalaw la , Napoléon oblije kapitile devan fos solda sa yo yo pa rive kontwole.

 c. Lafrans prale oblije vann teritwa li te genyen nan peyi Etazini ki se teritwa Louisiane la ki te genyen 5 eta ladan li: louisiane, dakota nord ak sud, Wisconsin, Ohio ki evalye a plis pase 1milyon kilomet pou yon pri ki presske egal ak mwatye det lendepandans la  swa 68,5 milyon fran.Paske rev Napoleon se te bati yon vas anpi ki soti Sen domeng pou rive jis Alaska. Rev sa tonbe ate plat.

d. Defèt vètyè a rete pi gwo defèt pou Napoléon ki lage yon giyon sou li. Pou istoryen guadeloupéen Marcel Dorigny, echek Napoleon nan batay li fe apre yo tankou Caire, Austerlitz, Waterloo komanse la. Pou jis li rann denye soupir  li apre echec li nan batay waterloo, li pa janm fe sikse anko. Se sa ki fe li regret li te arete Tousen nan memwa li ekri paske li we Tousen te kapab ede li akonpli rev sa. Li we sa two ta. Byen konte mal kalkile.

5. Vètyè se moniman rezistans ak lendepandans peyi a

Vètyè se yon moniman nou kapab konpare ak Massada pep jwif la ki te asepte tiye tet yo olye yo soumet ak Anpi women an. Se gras ak batay Vetye,  Lame endijen pral pran kontwol tout teritwa  peyi a pou mete sou pye yon lot Leta. Nan dat 29 novanm la, elit Lame endijen nan reyini Fort liberté  pou deside sou non batem peyi e Ak lendepandans la. Se la yo Rele peyi a AYITI nan retounen ak ansyen non Tayino e siyen ak endepandans la ki genyen 37 siyate ki se 23 milat 13 nwa e yon blan ki rele Mallet. Pa genyen chef band ni non fanm ki paret ladan li. Depi nan Ak endepandans la, pwa milat yo peze. Blan an toujou la. Eklizyon an komanse ak represyon sou chef lit mass yo e fanm nan zafe politik.  

Donk kom anpil moun pa te konnen li nan epok la, Elit lame endijen nan jwenn yon antant pou fe premye adres ak nasyon an premye janvye 1804 pa mwayen premye chef li ki se Desalin sou plas dam gonayiv la. Se la Leta neyokolonyal la pral komanse ak tout pwoblem ki se batay politik, krim, koudeta, eksklizyon ak patisipasyon mas yo, koripsyon ak enjistis pou jouk jounen jodi a ki se mak fabrik sistem sa a.

6. Nati batay revolisyon vètyè a 

Batay vètyè a se yon batay kont sistem kolonyal esklavajis la pou libete ak diyite pep ayisyen an. Li se batay revolisyon ki pote yon vale inivesel ki rezime pa mwayen fraz sa " tout moun se moun". Avek filozofi sa a, li vini tounen yon revolisyon ki inivesel e se sa ki fe Ayiti pral leader nan revolisyon pep amerik yo e pep kontinan afriken an. Pou pote li genyen, loksidan kache li pou evite lot pep sou late pa suiv egzanp Ayiti a.

Men tou , li se yon revolisyon peyizan. Selon  pwofesè istoryen Roger Petit Frere, se yon revolisyon ki fet ak sila yo ki soti nan kanpay sou lod chef band yo. Istwa ofisyel tiye memwa " va nu pieds yo ak chef band sa yo ki se poto mitan batay la. Paske vil yo a lepok ki te plis sou kontwol milat yo tankou rejyon  Lwes la ak Sid te toujou rete atache ak Lafrans. Nan sans sa a, bosal yo te genyen plis entere nan lit la e se yo ki te vekte  konsyans pou kenbe li lontan. Malerezman,  Leta Neyokolonyal la olye li pemet entegrasyon Chef band yo pral chache elimine yo plito. Pou sosyolog Jean Casimir dans la Culture Opprimée,  pwoje chef band yo ki chita sou jistis sosyal pou mas yo pral diferan de Elit lame Endijen nan. Olye yo negosye e rezoud konfli  a, yo plito elimine yo. Chef sa yo tankou Lamour Derance, Accau, Goman, Petit Noel Prieur, Brave Yayou, tout pral konnen lanmo yo. Denye a se Goman ak 2 pitit marasa li yo ki ap tonbe sou Boyer. Jodi a se menm entegrasyon sa pep la ap mande pou chavire chodye a ,rebat kat la pou tout moun jwenn akse ak riches peyi a nan non prensip TOUT MOUN SE MOUN.

7. Batay Vètyè yon resi yon asasine 

Defèt sa telman pa genyen parey pral oblije venke yo ekri yon listwa ofisyel yo pase gom sou li. Tout istwa sosyete genyen okiltasyon. Men nan ka Ayiti a, li pi grav paske se Venki yo ki ap ekri Listwa Venke yo. Lafrans gome li net ale jiska yon istoryen franse  depi 2015 Jean Pierre Le Glaunec  paret yon liv ki genyen pou tit : L'histoire de la bataille de vertieres : la défaite de Napoléon  ki vini jete yon ekleraj sou lanmo resi sa. Nan liv istwa nou yo, yo mansyone vetye men yo pa rakonte li vreman alevwa pou te genyen komemorasyon ofisyel dat la. Nou pran 150 lane pou soti 1804 pou rive 1954 sou prezidans Paul Eugene Magloire pou yo pale selebrasyon ofisyel. Se prezidan François Duvalier ki pral marye selebrasyon Vetye ak fet lame e ki pwononse premye diskou retantisan ak patriyotism sou peron Pale Nasyonal pou make dat sa.Donk se deja 65 lane ki fe Vetye vini yon devwa memwa sou 216 lane depi evenman sa te rive. 

Malgre sa, listwa ofisyel la, kontinye ap touye memwa tankou  Desalin jeneral yo konsidere kom pi gran nan listwa mond la. Nou genyen Capoix la Mort yo pa twop pale de li , li menm ki se Venke Butte charrier a. E , genyen pwofese Roger Petit Frere ki menm rive mande poukisa se Vertiere yo chwazi nan plas Charrier.

Pou fini, Ayiti bezwen rekonstwi tipa tipa memwa ak listwa li pou foje idantite yon pep lib e liberate. Apre blan yo fini fe JENOSID  ak ETNOSID sou pep nwa a, li kontinye fe yon EPISTEMISID sou senbol li ak konesans li dwe genyen. Se yon pep . ki konnen listwa li  ki ap debou. Se yon pep ki vle fe listwa ki ap gran. Se yon pep ki ap viv listwa li ki ap egziste. 


Gandhi 

Sosyolog / Fòmatè.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...