dimanche 23 janvier 2022

KONPREANSYON NAN RENESANS SOU KRIZ REPREZANTATIVITE AKTÈ POLITIK AK SOSYAL YO NAN PEYI A.


Bonjou pou Nou tout ki sou gwoup Renesans la

Sanble reyinyon ke Canada te fè pandan semèn 15 a 22 janvye 2022 a tou kraze tout efò konpatriyot ki nan akò Montana yo tap fè pou te bay yon lòt gouvènman pou ranplase Ariel Henri 7 fevrier kap vini an.

Paske youn nan gwo diplomat ameriken yo deklare nan lokazyon an, ke pa gen Yon dispozisyon legal ki lye Ariel AK manda Jovenel la. Donk yap kontinye sipòte'l aprè dat sa.

Kounya nou pwal petèt asiste ke yo kab eli yon moun nan pwosesis ki nan kad akò Montana a, e lè yo fin fè l, yo pa gen okenn mwayen pou fè moun sa monte sou pouvwa a, menm jan sa te fèt pou mèt Gourgue e Mécène Jean-Louis.

Men sam vin konprann ki ka Youn nan koz pèt kontwol direksyon politik peyi a pa elit yo, tout reyini ansanm, sa vle di lidè politik e pati politik yo, sektè asosiativ e oganizasyonel yo, entelektyel, etc. Se paske yo pa gen okenn koneksyon reyel ak Moun sa yo ke yo sanse reprezante yo.

Depi kèk tan vin gen yon pratik ki rann moun ki lidè nan asosiasyon yo, ou nan pati politik yo, se lè yo chwazi estrateji pou okipe espas medyatik yo, radio AK television yo selman pou pale an pansan ke sa sifi pou yo vin lidè ou reprezante Yon seri Moun nan popilasyon an vre.

Ki vin fè Nou wè ke medya yo vin jwe yon gwo wòl nan kreye lidè. Radio kreye e kraze lidè politik, yo vin oksijèn de politisyen ki tonbe nan koma déjà, yo kenbe anpil nan yo sou respirasyon atifisyèl, de lidè ki te sipoze kadav politik lontan deja. 

E vin pa gen moun ki vle desann nan popilasyon an ankò. Ou ka petèt jwenn kèk nèg ki gen yon ti baz militan, men an fèt se Yon kliantel li Genyen. De malere ki nan grangou, ou nan difikilte ke yo konn lage kèk mil goud nan men yo kèk fwa. Pa rekonesans moun sa yo ka Pran lari a e fè kèk deklarasyon, ou kèk mouvman nan lari a an favè pretandi lidè politik sa yo, pa gen anyen ankò apre sa. 

Sa vin fè ke vi ou aktivite politik la nan peyi a depi kèk tan redwi ak Al pale nan kek show medyatik : Ranmase, intèseksyon, invité du jour yo, pale pou'n vanse, dim ma Diw, intérêt public, etc. E chache jwenn ti kòb pou awoze kèk baz. men pou jwenn kòb sa Fòk swa ou te pase nan pouvwa e detounen yon kantite lajan, oubyen ou nan dwog, ou lye AK sektè pègr la ki pa gen okenn enterè nan zafè Leta dedwa, kote la lwa AK Lajistis AP reye. Paske lojik sektè sa yo an kontradiksyon fondamantalman AK tout sak rele justis, Leta dedwa, lapolis ki korek e ki ap fè travay yo kòm sadwa.

Donk lè moun kap fè politik, ou ki swa kab reprezante de sektè nan lavi sosyal AK ekonomik la pa reprezante pèson yo pretand yo, ebyen se peyi a Nou pèdi kontwol li tou. Epi se letranje, lenmi tout sa ki bon, korek yo ki gen kontwol reyel lavni politik peyi a.

Se sak fè jodi a, se depatman Deta, ak la mafia ki gen kontwol peyi a.

Devan konsta sa nou vin gen plis konfyans nan travay ke kèk zanmi nan Renesans nan Sud-est, nan Kanapevè, nan Latibonit ap fè pou ede'n pataje video pwogram Renesans la bay popilasyon an nan kominote yo. 

Travay sa selon Mwen se vrè sa ki ta dwe fèt la nan moman an. Ki se al chache retabli relasyon AK mas pèp la. E wè kòman yo ka apresye e konprann pwopozisyon Nou pote ba yo a. Si yo adoptel Yon fason majoritè, ebyen ap gen posiblite AK yo pou'n rekipere kontwol peyi a, ke fasilite medya, radio e television te vin bay e ki fè ke lidè nou yo bliye wout pou Al jwenn kominote yo e pou marinen kesyon politik la AK enterè reyel mas pèp la.

Vin ede nou pataje video pwogram Renesans la AK gwoup zanmi w yo, siw an pwovens mete sou pye yon selil, rantre an kontak AK Nou pou'n edew jwenn pwojektè e realize kèk pwojeksyon nan kominote w la, diskite sou lide ki nan video a pouw konprann li pi byen e ede yon lòt kominote ki pwoch paw la fè menm jan an, e ainsi de suite nap rive patou AK pwogram sa nan peyi a. E sa va ede Nou kreye yo gwo linite nan popilasyon an dèyè yon menm vizyon pou relèv peyi a, pou'n edel sòti nan katyouboumbe kotel twouvel la. 




La Renaissance d'Haïti est possible ensemble!


Jhonny Estor

CG Renaissance Haïti

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...