lundi 21 février 2022

TI REFLEKSYON NAN RENESANS SOU KONPLIKASYON SITIASYON PEYI A ANDAN E AN DEYÒ'L.



Yè nan pale sou sitiasyon ogmantasyon pri manje an Ayiti AK M. Milot nan Jacmel, mwen met men nan tèt e map mande kòman fè pèp Ayisyen ret AP viv tout gwo ogmantasyon sa yo San janm di Anyen, San yo pa leve kanpe?

Map sonje, lem tap travay nan Yon ONG nan sud-est la, mwen te baze Marigot an patikilye. Marigot te yon vil kote ou pat jwenn manje lajounen tout tan, e se te Raymond les bains me te konn ale trè souvan Poum Al pran yon pla pwason boukannen AK bannann.

An 2007, m sonkey ak 12, 15 dola HT ou tap manje yon bèl pla pwason. Kounya Milot dim fow gen 150, a 200 dola HT pouw gen yon pla konsa.

Mezanmiii, kòman moun fè pou yo manje nan peyi a?

Jacky : Diaspora a k ap soutni yo ki fè yo pa revòlte. Pèp sa a tèlman zonbifye yo bliye tout pwoblèm peyi a. Kòman w imajine w pou moun yo ap danse, pran plezi nan yon sitiyasyon parèy. Yè gen 11 moun ki mouri nan yon aksidan pandan yo sot danse dènye dimanch ki bay aksè ak bann madigra pou yo defile.

Jhonny: Ti pla manje, lem konn nan vil jacmel, nan ti lokal dèyè Do Sogebank la, pla yo te konn a 15, 20 dola ht, kounya li dim siw pa gen 60 a 70 dola ht ou paka pran Yon plat manje nan ti lokal sa. Humm

Mwen wè pèp la pèdi tout kapasite pou'l pran konsyans de sitiyasyon l.

Jacky: M vrèman pa konprann ki egzèsis ayisyen fè ak sèvo l jodi a!

Johnny: Konsyans sou sitiasyon'l anestezi nèt. Pèp la genlè Di tèt li ke sa lap viv la nòmal? E pa mete responsablite dirijan'l yo ladann Menm.

Jacky Canada: Wi frè m bagay la grav!

Johnny: Sakap pase moun yo la? Zonbi pt sou pèp la tout bon vre fwa sa!

Jacky Canada: Aaa koukou kouvri moun yo. Kote w konn wè moun ap danse mizè ekstrèm yo konsa. Nou vin ensansib tankou kanibal

 Johnny: Men sak Di a tout ti mouvman pèp la ap eseye fè, vye rat dokole, politisyen tradisyonel yo gentan pote boure sou li pou vin rekipere'l. Ti mouvman ouvriye yo la, depi kounya kek nan yo kòmanse fouye kò ladann.

Yo pwal pale pifò nan radyo, pou yo fè wout pou Al pran djob pi devan, tankou brasè SDP yo sot fèl la.

Jacky Canada: Wi frè m se kòmsi m ta di w yo peye yo pou devye tout mouvman pèp.

Johnny: Yeah, Sitiasyon peyi a telman konplike, Andan e deyò peyi a.

Deyò a Menm, nan diskisyon, echanj AK Moun Schiller Institute yo, yo konn AP pale'm de kèk ansyen fanmiy très riche yo, ke ou pa janm Tande pale de yo nan Forbes revue, etc. Moun sa yo ki te konn finanse tout ansyen gè yo, 1er, 2em gè mondyal yo e lòt avan yo. Les Possédants de Old money.

Ebyen Moun sa yo fome yon elit sou tèt mond la menm e gen kontwol sistèm politik yo menm nan gwo peyi tankou Etazini.

Ekzanp, Biden ki vin prezidan an, pat gen okenn chans pou li ta menm bat Yon Moun tankou Bernie Sanders nan primè yo. Men fanmi sa yo deside se li yo vle. E ekate tout lòt advèsè l yo.

Bon lè map gade yon gwo demokrasi tankou Etazini, moun sa yo gen kontwol li, alevwa Yon ti peyi, tou divize tankou Ayiti ?

Bon se menm volonte supra nasyonal sa kap enpoze nou move dirijan, tankou Michel Martelly, Jovenel Moïse e kounya Ariel Henry. Lè nap gade bagay sa, nap mande tèt Nou Kòman nap sòti nan sa Nou ye a ?

Jacky Canada: Monchè soti a pa fasil menm pou m pa di enposib. Sanble se heros endepandans yo pou n mande sekrè a.

Johnny: Bagay yo konplike anpil.

Jacky Canada: Se serye wi Johnny. Yon lòt épopée toujou posib! 

Johnny: Men se sel nan Yon laj inite pèp la lap posib! 

Jacky: tout a fait.

Johnny: Jodi a poko gen yon bagay ki ka ini yo.

Se sa nap eseye fè, ak mouvman poun pataje video pwogram Renesans la nan kominote yo, e menm oganize de seyans pwojeksyon l yon seri kote nan peyi a, men wout la ap long, Paske Mwayen nou twò feb.

Jacky Canada: Si wout la long!

Jhonny Estor

CG Renesans AYITI

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...