jeudi 10 mars 2022

PRESIZYON NAN RENESANS SOU ESTRATEJI NOU DWE ITILIZE POU KOMINIKE E PALE DE MOUVMAN AN


Maten an m ta renmen fon ti pale sou kesyon jan Nou panse li tap bon pou Nou kominike, pou Nou pale le'n sou Radyo, rezo sosyo ou ap ekri.

Paske pwogram Renesans la AK aspè konstriksyon kay nan nouvel vil Nou prevwa yo; devlopman Agro industri etc.

Ka fè Yon moun kap gadel panse se yon plan ki gen yon enspirasyon ideolojik de type socialiste et anti impérialiste.

Paske nouvèl vil yo vize, setènman chanje kondisyon vi gwo mas pòv yo nan popilasyon an, donk gen yon karaktè SOSYAL ki fò ladann. 

Men fo'n chache montre se pa mas yo selman ki pwal benefisye pwogram Renesans la. Li sipoze kreye kondisyon pou Yon amelyorasyon ekonomik e sosyal moun nan tout klas sosyal yo nèt.

Paske konstriksyon yo Nou panse yo nan objektif menm pou alafwa mete, san eksklizyon, popilasyon an nan meyè kondisyon ebèjman e fonksyonman ki pou fasilite tou devlopman aktivite ekonomik e komèsyal andedan peyi, pou kreasyon job, etc.

E devlopman agro indistri yo,  se pou rann nou setènman mwens depandan de peyi etranje yo, devlope otosifizans alimantè Nou etc. Donk foseman anti emperyalis ou enterè ameriken.

Paske Pwojè Renesans la ka fè moun an Ayiti ou a letranje lè yap gadel panse a de aspè sa yo, vin rann, selon Mwen, li de plizanpli enpòtan lè nap pran lapawol, ekri pou'n pale de MOUVMAN Renesans la, pou premye fraz la Di klèman ke mouvman sa retirel Anba enfliyans ou Yon enspirasyon ideolojik kelkonk e li pa la pou konbat enterè kelkeswa pwisans ki ta prezan an Ayiti. Se pa objektif Nou.

Nou dwe Di, ke se yon Pwojè ki vlel plis teknik ke tout lot bagay. Li prevwa selman pote kèk solisyon AK kriz estriktirel e politik peyi a AP eksperimante depil omwens 35 an déjà. 

Si Nou fèl Konsa, m panse Nou ka rive freye wout nou Pou moun pa vin bare nou twòp, pou'n degaje espas pou avansman mouvman an, pou'n ka kòmanse wè orizon an.

Mèsi.

Jhonny 

Pou Renesans

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...