lundi 7 mars 2022

TI REFLEKSYON NAN RENESANS SOU KONPLIKASYON SITIASYON PEYI D'AYITI PANDAN NAP OBSÈVE GÈ IKRÈN NAN.

 


M pa konn si nou te gen chans gade tout video diskou Poutine la?

Li tap bon pou moun ki kapab, eseye fèl.

Men nan deklarasyon li yo, li tap fè referans AK kriz ki te genyen nan Zòn balkan AK kokaz la. 

Li Di se loksidan menm ki te fabrike gwoup ame sa yo e ki tap bay pwoblem, menm jan AK gang Nou genyen aktyelman nan peyi a.

Yo menm, yo te itilize lame pou kraze fòs gwoup sa yo, e pasifye rejyon sa yo.

Bon pou Nou menm ki pa gen okenn vrè fòs militè an Ayiti, kòman nap fè pou'n konbat gang nou yo ?

M pa konn si nap fè obsevasyon sa tou, Pandan gè Ikrèn la ap vanse, AK mezi sanksyon kap pran yo, e jan loksidan gen kontwol anpil anpil aspè nan ekonomi mond la, se tank map wè sòti peyi a nan sal ye a pwal difisil.

Sitou Jan langaj moun ki di yo nasyonalis, pwogresis yo manke diplomasi ladann. Se plis vè Yon konfwontasyon yo montre yo pwale AK fòs loksidan yo si yo ta vin sou pouvwa.

Sak pwal bay peyi ejemonik sa yo plis rezon pou bloke sektè sa yo, e menm retire yo plis Chak jou nan posiblite pou ta dirije peyi a yon Jou.

Kounya konbyen tan nap kab kenbe toujou anba men bandi, pouryanis, vòlò Kòm dirijan? Lè nou konsidere kote dènye anplas yo, PHTK nan 3 vesyon l yo, mete Nou deja.

Yè nan pale AK Milot li tap dim valè envitasyon li tap resevwa ki vini de nouvo pâti politik ki tapwal fè lansman yo nan Jacmel. Se tèt Chaje.

Tank yo kale nouvo pati politik, tank se menm pratik yo yap repwodwi. Sa raplem deklarasyon A. Einstein la, ki Di ke moun ki pi sòt la se sila ki panse li kab jwenn yon rezilta diferan pandan lap itilize menm fomil ki pat bay bon rezulta a.

Se Menm diskou ki plen AK slogan yo, yon pil domèn yo Di yo pwal entevni sou yo ki pa gen koneksyon lojik ant yo, ki vid de sens, san yon Vizyon, yon salade Russe, yon tchyaka, San tèt ni Pye yo toujou pwopoze pèp la. Donk yo se tout bagay, men yo pa gen Yon vizyon ladan yo, ni yon reyel Pwojè.

Sof fòs yo, yo gen lajan nan men yo pou achte moun.

Lè konsa pèp la rete bra kwaze, bèkèkè AP gade yo. San pa konnen ki sa pou yo fè, konfizyon anvayi yo.

Men se menm klas politik piyajè a ki pwal renouvle tèt yo.

Paske an definitif yo pa bezwen pèp la vre, se jwèt la ki dwe fèt konsa pou lè yo fè dap piyanp sou pouvwa a pou kelkeswa obsèvatè ka rekonèt yo te sou teren an, etc. Men leplisouvan moun yo pwal bay jere pouvwa a gentan deside depi anwo.

Bagay yo telman konplike pou peyi sa, pa gen bouch pou pale.

Antouka, nou gen yon bon zouti nan men nou pou'n fè diferans la, se plis angajman Nou bezwen, plis patisipasyon Moun ki sou gwoup Renesans yo ki pou pran yon ti tan pou gade e estime pwopozisyon nou an e ki deside pou ede Nou pwopajel leplis ke posib.

Mwen felisite Milot, ki tap dim yè janl pataje pwogram Renesans la sou tout lòt gwoup li fè pâti. Pesonalite politik nasyonal li gentan voyel ba yo, etc.

Bravo 👏👏👏 zanmi pam

Men menm janm tap dil yè, fòk Nou pa selman patajel, fòk aprè yon Jou, 2 Jou, nou mande moun lan sal panse de pwogram sa, sil ka ede nou fè pwomosyon l. Ti sa selman kab fè yon gwo diferans.

Kenbe la!

Jhonny 

Pou Renesans

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...