Salut les amies/is,
Nan jan bagay yo pwale la, sitou dènye semèn sa yo, montre'n risk poun pèdi peyi a vin pi gran plis chak jou.
Paske pou gwo masak sa ki pase Kanaran la sou fidèl Pastè Marco yo, epi pou Ariel ak ekip gouvènman li an koule beton nan figi yo, fel di pou youn ladan yo pa endiye, pran konsyans e ta demisyone an gwoup. Se sanwont, san jèn ki vin nan ADN dirijan sa yo ki tounen veritab rezon ki pwal fè nou pèdi peyi d'Ayiti.
Mario, ou menm ki tap pale pwotestan mal kom si yo rete bwa kwaze yo pa fè anyen an, ou responsab tou wi
Se pa ou selman, se anpil lot moun depi kek tan ki pran diskou sa sèvi dra pou kouvri pwop enkapasite yo. Sitou sektè vodou a ak sak rele tèt yo progresist demagojik yo, ... nou tout responsab. Pastè a al pran nan presyon moun sa yo ki fèl fè gwo erè sa, nan al mande fidel li yo pou al mache sou bandi kanaran yo.
Vicket Franciq: Rete sou pouvwa a se sèl altènativ Ariel. Blan meriken gen plan b, c, pou ranplase Ariel. Men misye se moun li kwè plis ladanl pou soumisyon total li. Blan meriken ap goumen pou pa janm gen moun ki pran pouvwa a ki fè koub al jwenn la chine ou la russie. Pou moman sa, Ariel se pi bon garanti a.
Chantal Auguste: Bonswa. Kompatriot Estor, nou poko pèdi péyi ya. Paské gen moun kouwè ou toujou. Où guiyen de belles propositions pou èdé péyi ou. Poukont ou li pa possib. Ak anpil kouwè ou nap jwen liberté li❤️🙏🏾🇭🇹
Jhonny Estor: Merci Chantal, men pou tout sak pase yo la pou Ariel ak ekip li yo koule yon beton nan figi yo pou rete nan tet peyi a ak sipò entènasyonal la, m poko wè sòti a
Paske ak nivo kantite zam sa yo lage nan men gang yo la, e bandi sa yo pap ezite masakre popilasyon an si yo parèt devan yo, kaba tout posiblite pou lite pasifikman e demokratikman kont rejim sa.
Sa vle di mobilizasyon popilè jan nou te konn fel yo sou beton an netralize, e vin tounen yon gwo risk pou tout moun ki ta vle pran yon inisyativ konsa.
E lot aspè a, vyolans ame a, pa evidan. Kote yo kite zam pase pou bandi san kontwol, moun ki ta vle al ede peyi a poul ta soti nan sal ye la, tap jwenn anpil pesekisyon, arestasyon, menm lanmò.
Sèl opsyon ki rete selon mwen, se ta presyon, diplomatik de oganizasyon Ayisyèn tan nan dyaspora a ke an Ayiti ta fè ak ensistans, an pèmanans pou denonse sitiasyon an, Ariel ak gouvènman l la, pou wè si nou te ka debouche sou yon chanjman gouvènans ak de moun tankou sak nan ekip Renesans yo, Montana a e lòt ankò.
Menm la ankò, nou telman divize, Nou emyete, sa vin fè nou ensiyifyan.
Si nou te konn jwe echèk, m tap di yo echèk e mat Ayiti, tout elit yo ak popilasyon an.
Jhonny Estor
Pour Renaissance-Haiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire