Yè m wè sou net la, yon moun ki lage yon post ki di gade La chine, Japon, Inde etc. Devlope tet yo pandan ke yo rete ak kilti yo. Epi nou menm Ayisyen nou vle jete pa nou. Etc.
Nan lesprim mwen di, moun sa pa fin konprann bagay yo net. Paske peyi sa yo al pran nan men Loksidan sak pi enpotan an, kise jan yo devlope e itilize syans, teknik ak rasyonalite nan jesyon e devlopman sosyete yo. E sa fè tout diferans la, e Chinwa, Joponè, Endyen, Russe pa neglije al aprann nan men loksidan bagay sa yo e aplike yo ak tout volim lakay yo.
Chinwa, Japonè, endyen, etc. Kenbe kek nan abiman tradisyonel yo, manje, mizik, fèt nasyonal yo, etc. Men esansyel la nan chache fè pwogrè e devlopman sosyete yo, yal pranl lakay oksidanto yo.
Nou menm nou pa gen pwoblem poun kenbe kwizin nou, mizik, penti, lang nou etc. Men nou bezwen aprann pi byen kòman pou devlope rasyonalite, syans e teknik yo nan devlopman e pwogrè peyi nou an.
Youn nan trè kiltirel Ayisyen an trè sansib pou li se kesyon vodou a. Mwen m patap gen pwoblem ak li, si anpil ou preske pifò moun ki gen konesans mistik ki ladann yo pat itilize yo mal. Nan chache detounen, elimine/touye moun ki entelijan lekol, kap fè siksè ekonomik, sosyal e politik nan kominotel, sitou nan zòn pwovens yo.
Anpil neg pou rive sou pouvwa, ou poul rete sou li, kwè depil gen gwo ougan ak dyab ak li, li pa bezwen gen bonjan politik piblik, pa bezwen ap reponn ak bezwen popilasyon an pou yo rete sou pouvwa, etc. Anpil/pifò nan dirijan pase nou yo toujou gen kek ougan ki konseye yo. E konsey ougan sa pi enpotan ke pa kelkeswa ekspè a. Sa montre ke Kwayans nan pisans mistik ki gen nan vodou a, fè dirijan nou yo pa two fè ka rasyonalite ak lasyans nan jan yap dirije peyi a. Konsekans, nou akimile tout lane movèz jesyon sa yo, ki pou bokou nan sa nap viv jounen jodi yo la.
Jhonny Estor
Pour Renaissance-Haiti
.jpg)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire