vendredi 29 septembre 2023

2 LESON TOUT BON OBSÈVATÈ KA FÈ SOU AGRAVASYON KRIZ AYISYÈN LA



Yon ti panse sou agravasyon kriz la an Ayiti ki vin pi konplike ak deteryorasyon relasyon yo ak Repiblik Dominikèn e jan Leta anba direksyon Ariel Henry a montrel inekzistan e enkapab pou fè fas kare ak diferant sitiasyon yo, pemet nou tire kek leson pou lavni nasyon sa e poun ka rive sòti dirableman nan kawo sa nou ye a.

Youn nan premye leson mwen tire sou bò pam, se nou pap sòti nan kriz sa san refome, transfome Leta Ayisyen

E mwen pa pou, pap sipote inisyativ endividyel, ou sektoryel ou tout apwoch ki vle ke nou ka/dwe aji san Leta ou akote Leta. Inisyativ sa yo san asurans, san sekirite, donk san avni, san dirablite. Pa gen peyi fò e souvren san yon Leta korek e ki ap jwe wol li nan pwoteje e oganize sosyete a.

Refome Leta, fini ak Leta kolonyal la dwe youn nan premye objektif tout pwojè pou retire peyi a nan katchouboumbe li twouvel la.

Yon dezyem leson yon bon obsèvatè kriz sosyetal Ayisyen an ta dwe fè, se konstate mòd òganizasyon sosyo-ekonomik e politik peyi a efondre.

Jan peyi a te oganize depi 1804 la a depi kek dizèn denye ane sa yo dekonstwi, demantibile. Donk nou bezwen yon nouvo pwojè òganizasyonel pou'n rive siviv a kriz sa. Sinon nou pap sòti.

Kifè, nou bezwen yon nouvo pwojè politik, si nou pran politik la kom jan pou òganize lavi yon popilasyon pou mennenl nan pwogrè sosyo-ekonomik, kiltirel, sekirite, bonè etc. Sou yon teritwa detèmine.

Se 2 leson sa yo ke nou tire toujou, e nou panse yo fondamantal poun ta poze jalon yo pou Renesans Nasyon an.

Jhonny Estor 

Renesans-Ayiti 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...