lundi 1 avril 2024

POZISYON RENESANS AYITI SOU KRIZ LA, LENDI 1 AVRIL 2024



Salutations a tous

Nou pa janm fon ti pale sou konteks aktyel la depi kek jou. Nou vle fikse pozisyon nou sou sitiasyon an. M we bagay yo vle mele pi red. Poutan m te panse yo ta pwal avanse avek blokaj nan peyi etranje Ariel Henry a. Epi akseptasyon entenasyonal la pou gen yon gouvènman tranzisyon bisefal, ke yo pat vle avan.

M te gen apreansyon m sou kantite moun (7) pou al nan konsey prezidansyel la. Men m te vle wel alèv kanmenm, esperan devan gravite sitiyasyon an, ta pwal gen yon depasman ki pwal fet.

Men nan woule kò yo, e nan tato'nman m panse dejou an jou li ka pi difisil pou yo rive sou pouvwa a.

Sa nou wè menm sou bo pa nou?

Eske se jij nan kou kasasyon an nou panse kap pi bon?

Mwen m pa nan zafè bandi, ou Guy Philippe sou pouvwa a menm.

Map raple pozisyon pam se te toujou pou priorize bon kalite pwojè/pwopozisyon yon pèsonalite ki gen bon repitasyon ki pou ta plase sou pouvwa a.

Nou fè chwa sa sou baz jan nou konprann kriz la.

Gen moun kriz la se selman ensekirite a. Gen lot se rive fè eleksyon. Gen lot ankò, se yo 2 a ansanm

Men pou mwen se plis ke sa. Se 2 sa yo plis kriz striktirel la, ki wè ladann: reoganize Leta ak enstitisyon l yo, reamenajman teritwa a pou defèt kondisyon kap kreye ensekirite yo ak enstabilite politik e sosyal yo ki se bidonvil yo e tout eksklizyon sosyoekonomik ki akonpayel yo.

Donk, pou Mouvman Renesans-Ayiti se vin ak yon nouvo pwojè ki ka refè Leta a, redwi eksklizyon e mizè sosyoekonomik yo ki pwal pemet detwi kondisyon ki toujou ap kreye ensekirite ak enstabilite sa yo. E nou konnen deja demach nou genyen poun rive fè sa nan ti video pwojè Renesans-Ayiti a ke wap jwenn sou blog la.



Jhonny Estor 

Responsab Mouvman Renesans-Ayiti 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...