M pa konn si nou tande jodi a jan bandi rantre nan Journal Le moniteur, fè anpil dega, detwi anpil materyel etc.
M tande opinyon sou radyo de moun kab poze tet yo kesyon pou mande kote sa soti? Paske se komsi gang yo, ki se Ayisyen tou, ap fin detwi denye ti res sa nou rete kom enstitisyon, patrimwa'n etc.
Paske yo atake lopital, legliz, lekol, blibliyotek, palè, pos polis, biznis, kay moun, kidnape, Coyle, touye, kankannen moun, menm manje moso nan kò yo, elatriye
Yo atake tout bagay sa yo san okenn jèn, remò etc.
Lem tande moun ki soti nan yon sètèn elit nan peyi a kap kesyone tet yo, sou kote bagay sa soti, m wè nou lwen poun konprann nati enjistis sosyal yo nan peyi a depi lendepandans.
Se vre se de patikilye ki mete zam nan men yo, se vre se anpil politisyen ak òm dafè kap eksplate yo
Men nivo gravite krim ak dega yap fè yo montre gen plis ke yon senp manipilasyon
Jèn gang sa yo gen yon etadam kap manifeste nan aksyon yo. Eta dam sa santi di, santi move anpil anpil. E se ekspresyon, sanble tout eksklizyon yo, imilyasyon yo, oubliye pa Leta, dirijan ak elit yo.
Imanite majorite popilasyon an pa janm konsidere depi two lontan. Se kom yon volkan an eripsyon, yon fay ki gen mil an kap degaje enèji, kap tranble tè.
Men kounya, elit yo pa chache gen yon konpreansyon pwofon de sakap pase nan sosyete a, se sel la fòs yo anvizaje, ap mande ranfosman lame, entèvansyon lame etranjè, hmmm
Kom mwen tap dil ak yon zanmi lòt jou, sou jan Romain yo, e blan yo te rive adopte e interiorisé sak te fè nannan sivilizasyon Grèk la. Ki baze sou mete moun nan sant, nan kè lavi sou tè a, "l'homme est la mesure de toute chose". Yo fè se desizyon, volonte, enterè majorite moun yo ki dwe fè lwa, politik yo ak kijan e rezon pou jere yon sosyete, yon peyi.
Men malerezman pou nou ak eksperyans kolonizasyon an, blan kolon yo te envèsel. Yo di se pa tout moun ki merite konsidere kòm moun. Se volonte aspirasyon, enterè yon minorite moun yo konsidere kòm siperyè yo ki dwe fè lalwa, ki dwe priorize sou pa majorite a. E se sou baz sa nou konstwi peyi d'Ayiti. Jodi a lap eksploze nan figi nou, nan boul figi nou.
Yo telman pa konprann, pa sezi pwofondè sitiasyon an, yo panse yo ka gen yon tranzisyon menm jan ak avan yo. Pou vin fè eleksyon nan 1an edmi ou 2 zan. Vèkèlè? Nou tap ri
Mwen menm map kanpe dèyè pwojè Renesans la, se rebwase kat la net.
Se vin ak yon lot pwojè total kapital pou fè mizanplas pou gen yon sosyete pi entegre, pi respekte valè tout pitit peyi a pou fè'n soti nan efondreman sa.
Jhonny Estor
Pour Renaissance-Haiti
.jpg)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire