jeudi 3 septembre 2020

RENESANS YON MOUVMAN POLITIK DIFERAN AK LÒT YO E SA FEL PARÈT KÒM YON MOUVMAN GRANMOUN, PASKEL TIRE LESON DE DÈNYE EKSPERYANS POLITIK PEYI A

Apre nou fin koute sou Radyo an Ayiti yo plizye reprezantan ou Ditijan kek pati politik, sa ki nan pouvwa a ou nan opozisyon an nou twouve yo gen yon menm apwoch ak metod yo fe politik. Yo toujou di yap konsete, yap diskite, fè rankont pou yo debouche a Yon nouvo pwogram, pwojè politik pou peyi a, etc.

Se Yon pozisyon ki politikman korèk, sou lafòm. Paske li toujou pi élégant lew lésé tout moun kwè yo pwal patisipe, e tout moun renmen lide patisipasyon an. Deja se teorikman yon prensip fondamantal Nan kesyon demokrasi e Nan pratik politik la tou.

Men, chat boule nan dlo Cho, wè dlo fret li jetel papa. Lem di sa se pwomès nouvo kontra sosyal la m sonje an 2003, 2004, lè gwoup 184 la te di lap fè konsètasyon, konsiltasyon pou yo vini Ak Yon nouvo pwojè pou peyi a ke yo te rele nouvo kontra sosyal. Ki finalman pat janm vini, jouk jounen Jodi a. E se anpil anpil nan moun sa yo ki nan klas politik la e nan MTV a jounen Jodi a ki tounen Ak menm diskou a, san yo pa janm di pèp la sak fè nouvo kontra sosyal la pat janm ateri?

Nan sans sa RENESANS son mouvman or norme, ki diferan li pap fè pwomès li paka kenbe, se sak fel tou vini Ak pwogram pal, Kel rele PWOGRAM RENESANS la.

Le nap gad sa nou jwenn ke RENESANS la son mouvman granmoun, ki ofri Yon matirite a pèp la, si yo vlé konprann sa byen. Paske Ak RENESANS yo pa fouti refè eksperyans pase yo. Tankou nouvo kontra sosyal la ki pat janm vini an. Paske ou tou gen pwogram la nan menw frem/sèm, se chache koutel e konprann li, sezi sa lap pote pou ou nan pwoblem ou yo.

Viv pwojè granmoun l'an, pwojè matirite a, viv RENESANS nasyon an!

 

Jhonny ESTOR

estor.johnny@gmail.com

Manm fondatè Mouvman RENESANS





Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...