jeudi 10 septembre 2020

PETISYON SOU KI TRANZISYON NOU VLE POU APRE JOVENEL


Lide RENESANS pou pwojè tranzisyon ki dwe fèt aprè depa Jovenel :

1-   Lanse refom yo nan administrasyon piblik la tou swit an komansan pa enstans kap rantre kòb pou leta yo, answit lajistis, Ledikasyon, Sante, … sa sipoze pran ant 2 a 3 zan ;

Realize pwosè petro karibe a ak pwosè tout masak yo ki fèt sou Jovenel Moise yo, sa yo kab pran ant 3 a 5 an, anndan menm tranzisyon an;

2-     Lanse politik piblik pou favorize enplantasyon e devlopman fèm agwo-endistriyèl yo paralelman depi nan premye âne a, nan dis (10) depatman peyi avek 2 pou pipiti nan chak, lap pran 2 a 4 an

3-      Prepare e lanse politik piblik pou etabli santral endistriyel enjenri yo pou devlopman 4 gran rejyon yo ki nan peyi a depi nan premye âne a tou, e komanse konstriksyon nouvel vil yo pou rezoud pwoblem lojman popilasyon an apati 3em ane a e pou al fè reamenajman teritwa nasyonal la. Pou lansel e rive nan yon pwen detèminan sa ap pran 10 zan nan yon pwojè 30 an pou pipiti ;

4-   Mete sou pye konsèy konstitisyonel la pou prepare amandman yo ou chanjman konstitisyonel la, nan 6èm e 7èm ane tranzisyon an;

6-     Mete sou pye konsèy elektoral pèmanan an sou 7èm ane a e nouvo biwo pou okipe zafè anrejistreman sitwayen yo pou fòme nouvo baz de done elektè yo ak tout garanti ki pou anpeche fwod elektoral;

7-     Òganize bon jan eleksyon yo nan yon nouvel Ayiti nan nevyèm (9) ane a pou nouvo prezidan an rantre an fonksyon nan dizyèm ane a. 

Pouvwa ki pwal aplike pwogram sa dwe sòti nan yon gran konsansis ant tout sektè yo e lap pi bon poul yon gouvènman inyon nasyonal ak moun ki pa gen okenn vye dosye malvèsasyon, koripsyon ak krim sou do yo.

Petition sa ap la pandan 2 mwa, sa vlé di lap fini 10 Novanm. Patajel ak zanmiw e siw dakò di sa nan yon komantè nan espas ki rezève pou sa sou blog la. 

Merci



RENESANS



4 commentaires:

  1. Mwen dakò, paske nan eta nou ye a, pa gen kouri nan al fè eleksyon pou satisfè politisyen mawon yo

    RépondreSupprimer
  2. M dakò AK sa ki di nan petisyon sa WI paske fòk gen yon refòm an pwofondè ki fèt nan peyi a...

    RépondreSupprimer
  3. M'gen lontan de pi ke'm ap viv kay blan meriken e yo gen yon system ki rele "How to" ki se "Men kijan pou" pote solisyon avan ke pwoblem yo rive.

    Men kijan pou 1-Lanse refom yo nan administrasyon piblik.
    Men kijan pou 2-Lanse politik piblik pou favorize enplantasyon e
    devlopman fèm agwo-endistriyèl yo.
    Men kijan pou 3-Prepare e lanse politik piblik pou etabli santral
    endistriyel enjenri yo.
    Men kijan pou 4-Mete sou pye konsèy konstitisyonel la.
    Men kijan pou 5-Pa gen no. 5 nan list la. M'pa konnen pou kisa?
    Men kijan pou 6-Mete sou pye konsèy elektoral pèmanan.
    Men kijan pou 7-Òganize bon jan eleksyon yo nan yon nouvel Ayiti.

    Li miyo pou nou montre dirijan yo "men ki jan" pou fe yon bagay oliye n'ap di men sak pou fet.
    "Political and Economic Solutions for Dummies".
    Livre sila disponib e gen solisyon pou anpil pwoblem.



    RépondreSupprimer

Credo de RENAISSANCE

HAITI 1981, LA DEBACLE, conclusion du livre, disponible sur Amazon

  HAITI 1981, LA DEBACLE Étude de la relation entre la crise structurelle et l’exode rural en Haïti après 1981. Nouvelle édition New York, U...