Antouka modòd la zanmim yo, sou paj nou, nan kontak nou, nan rankont nou: Ann batay pou Yon tranzisyon RENESANS.
Nou pwal devlope ofi amezi rezon kap fè lap pi bon ke se Yon tranzisyon RENESANS Ki pou fèt. m'en de rezon toujou.
1.- pwogram lan bon, li charye de nesesite ke politik yo bliye depi two lontan, tankou: yon repons Ak pwoblem agrikol la.
Nou pwal modernizel Ak fèm agro endistriyel yo, se Yon nesesite pou refè ekonomi peyi a.
Se Yon nesesite pou otosifizans alimantè peyi a;
Pou redwi depandans anvè lot peyi yo;
Pou redwi to dola a kap Monte a
2.- Repons Ak pwoblem ibanizasyon peyi a
Pwoblem sa met anpil, twop pitit peyi a sou pay nan labou, malsite, nan eksklizyon.
Politik depi plis 40 dènye ane sa yo pa janm adresse pwoblem sa.
Rezoud pwoblem ibanizasyon an se Yon nesesite pou refè ekonomi peyi a tou.
Pou entegre majorite popilasyon an ki andeyò vi ekonomik Reyel peyi a, entegre yo nan vi ekonomik formel la.
Sa ap pèmèt pwoblem adres la nan peyi a rezoud e fasilité aksè a kredi a pou tout moun, e vin Ak sistèm sekirite sosyal la pou tout moun.
Rezoud pwoblem ibanizasyon an toujou pwal ede lapolis fè fas pi byen Ak pwoblem banditism la e redwi ensekirite a.
E si nou konn swiv pwogram la byen, nou sipoze konnen mizanplas nou prevwa yo pou sa. Tankou enstalasyon santral endistriyel enjenri yo nan 4 zòn estratejik yo, selon Yon dekoupaj a 4 gran rejyon: gran Nò, gran sant, Lwès - sides e Gran Sid
Santral sa yo pwal travay pou devlopman global tout zòn yo responsab yo. Se yo ki pwal: met enfrastrikti yo: wout, chemin fè, bâti nouvel vil yo, règle koze kouran elektrik la nan zòn yo, jere min yo, Pwodwi gaz propane pou menaj yo, pou redwi net kesyon koupe bwa pou fè charbon an.
Santral sa yo pwal jere kot yo, pou devlopman enfrastrikti touristik sou kot yo, e pou devlopman pêche la nan 4 rejyon yo.
Nou kanpe la toujou, nou refere nou a ti vidéo ki sou paj BIZnIS REnesANS La.mwen an, poun Al swiv tout pwogram la. M'en domaj nou paka mete sou facebook, EPi ANn met men Nan pat la.
Vive Yon tranzisyon RENESANS
Jhonny Estor
Manm fondatè mouvman RENESANS.

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire