Nan obsève sakap pase nan peyi Niger ke nap konprann pwojè Ameriken pou Ayiti, pou gwo 2023 sa, se yon repriz estrateji neokolonyal Lafrans te konn aplike an Afrik depi 1960 yo, ki tou ap echwe jodi a sistematikman, E ki eksplike jan yap kouri dèyè Fransè konsa an Afrik, ke yo vle aplike sou nou.
Bon ak tout mwayen ki ekziste jounen jodi a, nap pale de entènet, rezo sosyo yo ki vin ogmante mwayen kominikasyon, denonsiasyon ak mobilization opinyon piblik nan diferan peyi alafwa, pou mesye sa yo panse yo pwal kab reyisi yon foli konsa nan peyi a.
Epi tou nan yon konteks jeopolotik kote La Chine, La Russie ap afime yo chak jou kom de fòs altènativ majè, pou mesye yo ap pesiste konsa nan yon tel pwojè.
Men nou menm Ayisyen, kel nan dyaspora a kou an Ayiti nou bezwen vreman met tet nou ansanm poun mobilize kont pwojè sa, poun fel echwe.
De bagay Fransè yo te inisye depi 1960, ameriken paka panse pou vin eksperimante yo sou nou la an 2023, malgre tout enfomasyon ki ekziste sou tout mal yo fè sou popilasyon afriken yo kel te o Mali, Burkinafaso, Congo, Niger, Tchad, etc.
Mwen panse, kel se sou Twitter, Instagram, journal, YouTube, Facebook, WhatsApp Nou tout bezwen kontribiye poun denonse pwojè sa, kondanel e ekzije yo gen plis respè pou entelijans nou.
Jhonny Estor
Pour Renaissance-Haiti

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire