samedi 19 août 2023

ESKE SE FOS NASYONALIS YO KI POU BAY NEG PHTK SA YO AMINISTI AN E REKIPERE POUVWA A POU SOVE PEYI A?



Bonjour a toutes et a tous

Sa map realize, pou jan neg yo montre yo sinik sa, li sanble neg yo ta jwenn garanti bo kote ameriken, ke si yo kite sitiasyon an gate net, pou favorize entèvansyon an, yap bay yo amnisti pou tout zak yo fè

Paske li parèt impenssable jan neg yo ap aji la e kite tout moun sa yo ap kidnape, vyole, mouri, boule, ... san yo pa di anyen e pa leve ti pous yo pou ede yo fè fas ak bandi yo. Jan yo pa tante anyen lot ke netralize tout fos polis la, pandan yap kontinye ranfòse kapasite ak fòs gang yo.

Bon pou sòti la e evite desant nan lanfè sa ak  okipasyon an, eske se fòs sosyal yo, sosyete sivil, oganizasyon nasyonalis yo ki pou ta di, bon mesye nap ba nou aministi an nou menm nan plas etranje yo, men kanpe dega yo, tout krim sa yo, kanpe pwosesis pou al nan okipasyon an, paske nap fin pèdi peyi a. Poun ta rekipere pouvwa a, fè refòm nesesè yo e rekonstwi peyi a?

Jhonny Estor 




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Credo de RENAISSANCE

REFLEXION AU SEIN DU MOUVEMENT RENAISSANCE-HAITI, LUNDI 28 SEPTEMBRE 2026

Bonjou bonjou tout zanmi kamarad nou yo. Yon ti klarifikasyon sou tez nap defann lan. Yon fason senp e direk nap defann lide ke se motè peyi...