Reta peyi d'Ayiti pa rapò ak lot peyi ki nan amerik yo, ta sòti selon mwen, sou absans nan orijin nou (afrikèn ou kolonyal) eksperyans reyel zanzèt nou yo sou antite yo rele Leta a.
Diferan ak tout lot pep ki te vin endepandan nan tout lamerik la, kote se desandan anglè, espanyol, pòtigè, fransè elatriye kite gentan konn viv kote kite gen Leta ki vin kreye nasyon ou peyi sa yo nan Amerik la. Nou menm se pitit Afriken yo ki fè nasyon an e kreye yon Leta. Poutan yo potko, nan moman kolonizasyon an, kreye reyelman, nan evolisyon yo yon Leta. Se te plis de chef Klan, gwoup, vilaj, etc. men pat Leta.
E sa selon mwen vin youn nan koz pi fondamantal ki ka eksplike reta nou pa rapò ak lot peyi yo ki nan zòn nan.
Leta nou an gen plis koripsyon, plis enkonpreansyon pou respekte e realize misyon fondamantal li yo, li pi fèb ke pa lot peyi yo. Menm Dominiken yo, kote pifo elit li yo se pitit pitit espanyol yo, ki te gentan fè eksperyans Leta avan kolonizasyon an pi avanse lontan pase nou.
Pou mwen ni sa yo te rele kreyol yo ni bosal yo, potko eksperimante Leta nan vrè sans li. Kreyol yo sete administrasyon kolonyal la, kote se pat ak yon lojik Leta nasyonal li tap obeyi, men pito yon antite militè e administrativ kite la pou garanti enterè metropol la kite Lafrans yo te konnen. Donk, ki pat jan te la pou pwoteje e sèvi tout moun, travay pou asire devlopman ekonomik, sosyal e kiltirel tout moun nan koloni Sendomeng la.
Se te ak sa kreyol yo, ki vin tounen fondatè peyi a, premye dirijan nou yo te abitye. E sa fè yo pajanm rive fome yon Leta nasyonal nan vrè sans li. Yo pito rekreye Leta kolonyal la aprè lendepandans peyi a.
Bosal yo menm, te pi anreta toujou, ak eksperyans an Afrik gwoup etnik ak pi souvan yon chef mistik, aje, yon saj kite chef yo. Sans okenn administrasyon, konpetans divèsifye ak distribisyon tach, etc.
Jounen jodi a, nan kriz estriktirel majè sa, tout trè Leta kolonyal la vin pi evidan, pi klè lè nap gade jan responsab politik nou yo, Ariel Henry yo kom ap fè konplo ak blan kont peyi a, kont popilasyon an. E ekzanp kafoufèy la, kote moun yo ap mande sekirite, yo bonbade yo ak gaz. Se youn nan mil ekzanp nou te ka pran pou montre jan dirijan nou yo pa konprann wol Leta, e responsablite yo antan ke chef Leta Ayisyen, dirijan peyi a.
Donk, sam ta swete, se pou gwo tonton kriz estriktirel e sistemik sa, kriz Leta kolonyal sa, ta ede nou wè nesesite poun batay pou anfen nou rive mete yon vrè Leta kanpe nan peyi d'Ayiti.
Jhonny Estor
Coordonnateur General
Mouvement Renaissance-Haiti
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire